Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JESÚS MARTÍN | BYOGRAFI

“Jewova sove m nan moman ki te pi difisil nan lavi m”

“Jewova sove m nan moman ki te pi difisil nan lavi m”

Mwen fèt nan vil Madrid an 1936. Se yon ane tout Espayòl ki nan menm jenerasyon avè m pap janm bliye paske se ane sa a yon gè sivil te eklate nan peyi Espay.

 Lagè sa a, ki te dire twazan, te lakòz gwo soufrans ni nan domèn fizik ni nan domèn afektif. Papa m te soufri tou. Li te toujou kwè nan Bondye, men, li te desi, li te fache lè l te wè jan prèt katolik yo te enplike nan lagè a. Se sa k fè l te deside ni mwen menm ni frè m nan pa t ap batize nan Legliz katolik.

Francisco Franco te gen yon relasyon sere ak Legliz katolik.

 An 1950, gen de Temwen Jewova ki te vin frape pòt kay nou. Papa m te koute yo e l te aksepte etidye Labib avèk yo chak semèn. Lè sa a m te fèk gen 14 an, e m te renmen foutbòl plis pase tout bagay. Papa m te konn vle pou m li piblikasyon Temwen yo te kite nan men l, men, m pa t enterese. Yon aprèmidi, lè m retounen lakay la apre yon match foutbòl, m te mande manman m: “Manman, moun k ap anseye Labib yo retounen ankò?” Li reponn: “Wi, yo nan salamanje a ak papa w.” M te kouri tounen nan lari a!

 Lefètke papa m pa t dekouraje lè m te montre m pa t enterese nan sa Bib la anseye yo, sa te gen gwo efè sou mwen. Li te tèlman renmen sa l t ap aprann yo, li te batize antanke Temwen Jewova an 1953. Mwen te vin anvi aprann plis sou batèm nan, se sa k fè m te kòmanse poze l kesyon. M te menm mande pou m gen Bib pa m. Li te fè aranjman pou Máximo Murcia, yon jèn Temwen, vin fè etid avè m. De zan apre, lè m te gen 19 an, m te batize antanke Temwen Jewova nan rivyè Jarama, ki nan zòn lès vil Madrid.

Predikasyon anba diktati Franco a

 Pandan ane 1950 yo, li te difisil pou n preche e pou n reyini tou. Se te Francisco Franco, yon diktatè, ki t ap dirije Espay lè sa a, e l te vle pou tout moun nan peyi a te katolik. Se sa k fè lapolis te konn pèsekite Temwen Jewova yo. Nou te konn reyini nan kay prive e n te konn fè anpil atansyon pou vwazen yo pa sispèk anyen paske yo te ka al di lapolis sa a. Nou te konn preche kay an kay tou. Nou te fè tout sa n kapab pou moun pa remake nou. Nou te konn chwazi de oubyen twa kay pa aza, nou fè vit epi n al nan yon lòt katye. Anpil moun te koute mesaj la, men se pa anpil moun ki te enterese.

Frè F. W. Franz ki t ap bay yon diskou nan youn nan kongrè nou te fè an kachèt yo.

 M sonje yon lè, m t al frape yon pòt e se yon prèt katolik ki te vin ouvè. Lè m te fin esplike l poukisa m vin vizite l, li mande m: “Kiyès ki ba w dwa pou w fè sa? Èske w pa konnen m ka rele lapolis pou ou ?” M te esplike l nou konnen sa ka rive, nou prepare pou sa. M te di l tou: “Ènmi Jezi Kris yo te konn eseye fè arete l. Se nòmal pou menm bagay la rive disip li yo tou”. Prèt la pa t kontan menm ak repons m te bay yo. Li antre l al rele lapolis nan telefòn. M pa bezwen di nou jan m te kouri kite bilding nan.

 Menm lè nou te fè kèk move eksperyans, kèk santèn pwoklamatè ki te gen nan peyi Espay nan moman sa a te jwenn anpil moun ki te enterese nan mesaj la. An fevriye 1956, m te toujou gen 19 an, yo te nome m pyonye espesyal a. Pifò nan nou ki te pyonye yo te jèn, nou pa t gen eksperyans. Men, grasa yon ti gwoup misyonè, nou te jwenn fòmasyon ak ankourajman nou te bezwen. Yo te voye mwen menm ak yon lòt jèn pyonye al sèvi nan vil Alicante, yon vil kote yo potko janm preche mesaj la. Apre kèk mwa sèlman, nou te kòmanse anpil etid biblik e nou te bay plizyè santèn piblikasyon.

 Natirèlman, moun yo te remake sa nou t ap fè. Apre n te fin pase kèk mwa nan vil Alicante, lapolis te arete nou epi yo te sezi Bib nou yo. Yo te mete nou nan prizon pou 33 jou, apre sa, yo te mennen nou Madrid e se la yo te libere nou. Ti tan tou kout sa a mwen te fè nan prizon an se te yon ti apèsi sou sa k t ap tann mwen.

Moman ki te pi difisil nan lavi m

 Lè m te gen 21 an, m te resevwa lòd pou m t al anwole nan lame. M te dwe ale nan kan militè ki Nador, yon vil ki nan nò Mawòk. Nan epòk sa a li te sou kontwòl Espay. Lè m rive, mwen te parèt devan lyetnan anchèf la e m te fè l konnen pozisyon m yon fason ki klè e avèk respè. Mwen te fè konnen mwen pa t ap antre nan lame ni mwen pa t ap mete inifòm nan. Polis militè a te mennen m nan prizon ki rele Rostrogordo a, nan vil Melilla pou m te ka tann pou m pase devan tribinal militè a.

Prizon Rostrogordo, nan vil Melilla

 Anvan jijman an, kòmandan lame espayòl ki te nan Mawòk la te deside se pou militè yo bat mwen jis mwen chanje lide. Donk, yo te joure m, yo te bat mwen pandan 20 minit e yo te ban m kout pye jis mwen tonbe atè, m te prèske san konesans. Kapitèn ki te an chaj la pa t satisfè toujou, donk li te pran pile tèt mwen ak bòt sòlda ki te nan pye l la jis san te kòmanse koule nan figi m. Lè sa a, yo te mennen m nan biwo l e li te di m byen fò: “Pa panse m fini avè w. Prepare w pou n fè w bagay la oswa menm pi mal toujou chak jou!” Li te bay gad yo lòd pou yo fèmen m nan yon prizon anba tè. Selil prizon sa a te mouye e li te sonm, e sanble pa t gen espwa pou mwen.

 Jis kounye a, mwen sonje moman kote m te lonje kò m atè nan selil prizon an ak tou san an nan tèt mwen. Sèl sa m te genyen pou kouvri m se te yon ti lenn tou fen epi tanzantan kèk rat te konn parèt. Sèl sa m te ka fè se priye Jewova pou l ban m fòs pou m andire. Mwen te priye san rete pandan m te nan prizon sa a ki te sonm e ki te frèt. b

 Nan demen, yo te bat mwen ankò e fwa sa a se te yon kaporal. Kapitèn nan t ap gade pou l te ka sèten yo te bat mwen nan gou l. Fò m di tou, nan moman sa a, mwen te kòmanse mande tèt mwen si m t ap ka sipòte lontan ankò. Nan dezyèm nuit sa a, pandan m nan selil la, mwen te sipliye Jewova pou l ede m.

 Twazyèm jou a, yo te voye chèche m pou m al nan biwo kapitèn nan. Mwen te pè pou yo pa t bat mwen ankò. Mwen te priye Jewova toutpandan m t ap mache pou m al nan biwo a. Donn Esteban c, ki te sekretè tribinal militè a, t ap tann mwen. Li te vini pou l te ka kòmanse fè dosye pou pwosè tribinal militè a.

 Lè Donn Esteban wè pansman ki te sou tèt mwen yo, li mande m sa k te rive. Mwen te pè pale pou yo pa t bat mwen plis toujou, men, mwen te ba l laverite. Lè Donn Esteban tande sa yo te fè m yo, li di: “M pa ka anpeche w pase devan tribinal militè a, men, ou mèt sèten pèsonn pap janm bat ou ankò.”

 Vrèmanvre, pou jis mwen soti nan prizon, pèsonn pa janm leve men sou mwen ankò. Mwen pa janm konnen sa k fè se jou sa a menm jij la te chwazi pale avè m. Sèl sa m konnen sèke Jewova te reponn priyè m yo yon fason ki estrawòdinè. Mwen te wè ki jan Jewova te sove m nan moman ki te pi difisil nan lavi m e li pa t kite yo pèsekite m nan yon nivo mwen pa t ka sipòte (1 Korentyen 10:13). Mwen te parèt devan tribinal militè a avèk yon konfyans total nan Jewova.

Nan prizon Okanya a

 Tribinal la te kondane m pou 19 an prizon e yo te ajoute twazan sou li annapre pou “dezobeyisans”. Apre anviwon 15 mwa nan peyi Mawòk, yo te transfere m nan penitansye Okanya, ki pa t twò lwen Madrid, pou m te ka fè rès tan prizon an. Transfè sa a te yon benediksyon. Prizon sa a te yon paradi devan Rostrogordo. Selil prizon sa a te gen yon kabann, yon matla ak kèk dra. Apre yon ti tan, yo te ban m responsab kontablite prizon an. Men, apre tout tan sa a mwen te fè fèmen nan prizon an, mwen te konn santi m vrèman poukont mwen. Youn nan bagay ki te pi difisil pou mwen se paske mwen pa t kapab pase tan ak frè ak sè yo.

 Paran m yo te konn vizite m kèk fwa, men m te vrèman bezwen plis ankourajman. Paran m te te di m gen lòt frè ki te refize antre nan lame tou. Donk, mwen te priye Jewova pou m mande l voye omwen yon frè nan prizon m te ye a. Yon lòt fwa ankò, Jewova te reponn priyè m te fè ak tout kè m yo, e li te fè plis pase sa m te atann. Anvan lontan, Alberto Contijoch, Francisco Díaz ak Antonio Sánchez, twa frè fidèl, te vin jwenn mwen nan prizon Okanya a. Apre m te fin pase katran poukont mwen nan prizon an, mwen te kapab pase tan ak frè m yo, sa ki te ankouraje m. Nou kat la te konn etidye ansanm e nou te konn preche lòt prizonye yo.

Mwen libere e m rekòmanse travay

 Finalman, yo te lage m sou kondisyon an 1964. Olye m te fè 22 an nan prizon, yo te fè m fè sèlman sizan edmi. Menm jou m lage a, mwen te asiste reyinyon. Byenke sa te vle di pou m depanse tikras kòb mwen te genyen an pou m te ka pran taksi tounen Madrid, mwen te rive atan pou reyinyon an. Se te yon benediksyon pou m te reyini ak frè ak sè yo ankò. Men, mwen pa t sèlman vle reyini ak frè yo, mwen te vle rekòmanse nan sèvis pyonye a tousuit. Malgre lapolis te kontinye ap bay frè ak sè yo pwoblèm, moun yo te byen reyaji lè nou te ba yo bon nouvèl la e te gen anpil travay ki pou fèt toujou.

 Pandan epòk sa a, mwen te rankontre Mercedes, yon jèn sè ki te pyonye espesyal. Mercedes se yon sè ki te gen imilite e ki te chofe pou l preche tout moun li jwenn. Epitou, li te janti e l te donan, yon seri kalite ki te fè m renmen l anpil. Nou te tonbe damou e ennan apre, nou te marye. Mercedes se yon gwo benediksyon pou mwen.

Mwen menm ak Mercedes, yon ti tan apre maryaj nou

 Kèk mwa apre nou fin marye, yo te envite nou nan sèvis sikonskripsyon. Lefètke n t ap vizite yon kongregasyon diferan chak semèn, sa te ban nou posiblite reyini ak frè ak sè yo epi preche avèk yo. Te gen nouvo kongregasyon nan tout Espay e frè yo te bezwen èd ak ankourajman. Pandan yon ti tan tou kout, mwen te gen privilèj tou pou m al vizite biwo Temwen Jewova yo genyen an sekrè nan vil Baselòn pou m bay koutmen nan travay ki t ap fèt laba a.

 An 1967, gouvènman an te pase yon lwa ki te bay tout Espayòl dwa pou yo pratike relijyon yo vle. Konsa, nou pa t oblije travay an kachèt ankò. Epi, an 1970, Leta te rekònèt relijyon Temwen Jewova yo. Anfen, kounye a nou te ka reyini san pwoblèm, nou te ka gen Sal Wayòm e n te ka menm gen yon biwo filyal ofisyèl.

Nouvo asiyasyon nan sèvis Bondye a

 An 1971, yo te envite mwen menm ak Mercedes pou n vin manm fanmi Betèl ki te nan nouvo biwo filyal Baselòn nan. Men, ennan apre, Mercedes te vin ansent e nou te oblije kite Betèl pou n te pran swen Abigail, bèl pitit fi nou an. Se te nouvo asiyasyon nou sa.

 Lè Abigail te nan adolesans li, biwo filyal la te mande nou si nou ka tounen nan sèvis sikonskripsyon an. Nou te priye sou sa, e nou te mande kèk frè ki gen matirite konsèy. Gen youn nan ansyen yo ki te di m: “Jesús, si yo bezwen w nan tèritwa a, ou oblije dakò.” Se konsa nou te kòmanse yon lòt bèl peryòd nan lavi nou. Okòmansman, nou te konn vizite kongregasyon ki toupre lakay nou yon fason pou n te ka kontinye pran swen Abigail. Lè l vin gran e l te vin ka pran swen tèt li poukont li, nou te vin gen posiblite fè plis nan sèvis aplentan espesyal.

 Mwen menm ak Mercedes pase 23 an nan sèvis sikonskripsyon an. Se pa ti renmen mwen te renmen sèvis sa a ki te ban m posiblite pou m ankouraje jèn yo grasa eksperyans mwen. Pafwa, nou te konn rete nan Betèl ki Madrid la lè m te gen pou m sèvi kòm enstriktè nan Lekòl pou ansyen ak Lekòl pou pyonye. Yon bagay ki enteresan sèke rivyè Jarama nan yon distans anviwon 3 kilomèt ak Betèl la, e se nan rivyè sa a mwen te batize an 1955. Mwen pa t ap janm imajine mwen t ap tounen nan zòn nan plizyè dizèn ane apre sa pou m ede nan fòmasyon jèn gason ak jèn fi pou yo ka gen plis responsablite nan sèvis Jewova a.

Mwen menm k ap anseye nan youn nan lekòl teyokratik yo.

 Depi 2013, nou rekòmanse sèvi kòm pyonye esplesyal. Fò m di li pa t fasil pou n adapte nou ak sèvis pyonye a lè n te kite travay sikonskripsyon an, men se te pi bon desizyon an. Pa gen lontan, mwen te gen kèk pwoblèm sante, e m te menm fè yon gwo operasyon kè. Nan moman sa yo, mwen te konte sou Jewova pou l ede m e li te soutni m, jan l te toujou fè sa. Sa fè 56 an depi mwen menm ak Mercedes marye e depi lè sa a li te toujou soutni m. Li se yon vrè konpay pou mwen nan tout asiyasyon m yo.

 Mwen panse souvan ak epòk kote m t ap anseye kòm enstriktè. Mwen sonje vizaj etidyan yo ki jèn e ki swaf aprann. Sa fè m sonje jan mwen menm tou mwen te jèn e m te chofe lè m te kòmanse sèvi Jewova. Se vre, mwen te andire kèk moman ki vrèman difisil, men mwen gen anpil bèl souvni tou nan sèvis mwen. Menm eprèv ki te difisil yo te aprann mwen yon seri leson ki enpòtan, e leson ki pi enpòtan mwen aprann sèke mwen pa dwe janm konte sou fòs mwen. Eprèv yo te ban m posiblite pou m wè jan Jewova gen pisans, yon pisans li te toujou itilize pou l ban m fòs, menm nan moman ki te pi difisil nan lavi m yo. — Filipyen 4:13.

Mwen menm ak Mercedes kontinye nan sèvis aplentan.

a Yon pyonye espesyal se yon minis aplentan ki pote l volontè pou l ale kèlkeswa kote biwo filyal Temwen Jewova yo wè ki bezwen moun pou anseye Labib.

b Se nan selil vid sa a, ki mezire sèlman 4 mèt kare e ki pa gen twalèt, mwen te pase sèt mwa. Mwen te dòmi atè a ki sal e se sèlman yon ti dra tou fen mwen te te genyen pou m kouvri.

c “Donn” se yon tit ki demontre respè yo bay moun nan peyi ki pale espayòl yo, yo mete l devan siyati moun nan.