Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske relijyon se jis yon lòt mwayen pou moun fè lajan?

Èske relijyon se jis yon lòt mwayen pou moun fè lajan?

 Èske w janm remake gen anpil relijyon ki sanble enterese plis nan fè lajan olye yo enterese nan ede moun yo adore Bondye? Yo fè pwomosyon pou sèvis ak machandiz yo vann. Anpil nan chèf relijye sa yo touche anpil kòb e yo rich anpil. Ann pran kèk egzanp:

  •   Selon ankèt yo fè, pandan 13 an yon evèk Legliz katolik te depanse lajan legliz la pou l te vwayaje prèske 150 fwa nan avyon prive e pou l te lwe limouzin anviwon 200 fwa. Epitou, li te depanse plis pase kat milyon dola ameriken pou l fè renovasyon nan kay yo te ba l pou l rete a.

  •   Nan yon peyi ann Afrik, gen yon pastè ki abitye fè sèvis kote gen plizyè dizèn milye moun nan asistans lan. Epitou, li vann tout kalite machandiz nan gwo espas legliz li a. Pa egzanp li vann yon luil ki swadizan ka fè mirak e li vann sèvyèt ak mayo ki gen foto l sou yo. Menm lè pifò moun nan asistans lan pòv, li menm li rich anpil.

  •   Gen kat mòn sakre boudis nan peyi Lachin e yo fè de nan mòn sa yo tounen gwo biznis. Youn nan tanp boudis yo ki gen gwo renome se Tanp Shaolin nan, yo enplike tanp sa a nan anpil pwojè biznis e souvan yo rele prèt ki responsab la “prèt ki direktè biznis la”.

  •   Toupatou Ozetazini, kòmanse gen biznis ki genyen konsiltan pou bay anplwaye yo konsèy nan domèn relijye. Selon yon rapò, konsiltan sa yo pran kèk tradisyon relijye e yo adapte yo pou yo kreye nouvo rityèl sakre e pou yo ofri anplwaye sa yo lòt sèvis.

 Ki sa w panse sou kesyon relijyon ki mele nan zafè biznis? Èske w janm reflechi sou fason Bondye wè moun ki fè lajan nan aktivite relijye?

Ki jan Bondye wè kesyon mele relijyon ak biznis la?

 Bondye pa dakò pou moun mele relijyon ak biznis. Bib la fè konnen Bondye pa t kontan lè prèt nan tan lontan yo te konn anseye moun “pou lajan”. (Miche 3:11.) Bondye te kondane moun ki te konn fè biznis nan kay li a e ki te fè l tounen “yon gwòt ki chaje ak vòlè”. — Jeremi 7:11.

 Jezi te wè moun ki sèvi ak relijyon pou yo fè lajan menm jan ak Bondye. Nan epòk Jezi te sou tè a, machann yo te konn peye chèf relijye yo paske yo te pèmèt yo vann machandiz anndan tanp Jerizalèm nan. Yo te konn eksplwate moun sensè ki te vin nan tanp lan pou yo adore Bondye. Avèk kouraj, Jezi te met machann sa yo deyò tanp lan e l te di: “Sispann fè kay Papa m nan tounen yon kay kote yo fè komès.” — Jan 2:14-16.

 Epitou, Jezi te montre li wè bagay yo menm jan ak Bondye nan fason li te anseye lè l te sou tè a (Jan 8:28, 29). Li pa t janm fè moun peye pou l aprann yo konnen Bondye. Li pa t mande lajan pou l fè mirak tankou bay moun manje, geri yo oswa resisite moun mouri. Jezi pa t janm sèvi ak travay predikasyon an pou l vin rich, menm yon kay li pa t genyen. — Lik 9:58.

Ki sa premye kretyen yo te fè pou yo pa mele adorasyon yo bay Bondye a ak biznis?

 Jezi te di disip li yo pou yo pa janm chèche fè lajan nan aktivite espirityèl yo. Men sa l di: “Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay.” ​(Matye 10:8). Pi devan, disip sa yo ki te vin rele kretyen, te suiv enstriksyon Jezi te bay yo. Ann pran kèk egzanp:

  •   Yon mesye ki rele Simon te ofri Apot Pyè, ki te konn akonpaye Jezi, lajan paske l te vle gen gwo pozisyon ak otorite. San pèdi tan, Pyè te rejte òf la e avèk fòs li te korije l. Pyè te di l: “Se pou lajan w lan peri ansanm avè w. Ou panse avèk lajan ou ka gen bagay Bondye bay gratis?” — Travay 8:18-20.

  •   Anpil moun te konnen apòt Pòl kòm yon moun ki te konn vwayaje ap preche pawòl Bondye a. Menm lè li te travay di pandan plizyè ane nan anpil kongregasyon kretyèn, li pa t janm chèche resevwa lajan pou l fè travay sa a. Li menm avèk lòt kretyen parèy li pa t “mache vann pawòl Bondye a tankou anpil moun ap fè”. (2 Korentyen 2:17.) Olye de sa, men sa Pòl ekri: “Nou te travay di lajounen kou lannuit, pou nou pa t vin yon chay lou pou nou lè nou t ap preche nou bon nouvèl Bondye a.” — 1 Tesalonisyen 2:9.

 Se vre premye kretyen sa yo te bezwen lajan pou yo fè travay predikasyon an epi ede moun ki nan bezwen. Men, yo pa t janm mande kòb pou yo ede lòt moun adore Bondye. Yon moun te ka chwazi bay si l vle, selon prensip ki vin apre yo:

  •   2 Korentyen 8:12: “Paske, si volonte a la anvan, Bondye ap aksepte l sitou selon sa yon moun genyen, se pa selon sa yon moun pa genyen.”

     Sa sa vle di: Rezon ki pouse yon moun bay pi enpòtan pase kantite li bay la.

  •   2 Korentyen 9:7: “Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.”

     Sa sa vle di: Bondye pa vle okenn moun santi yo fòse l bay. Li kontan lè yon moun chwazi bay paske l vle fè sa.

Ki sa k pral rive relijyon yo k ap kouri dèyè lajan talè konsa?

 Yon fason byen klè, Bib la fè konnen Bondye pa aksepte tout relijyon oswa tout fason moun adore l (Matye 7:21-23). Nan yon pwofesi, Bib la konpare tout fo relijyon avèk yon pwostitye, paske yo fè alyans avèk gouvènman pou lajan oswa pou lòt avantaj e yo eksplwate moun ki soti nan tout nasyon (Revelasyon 17:1-3; 18:3). Epitou, pwofesi sa a fè konnen, talè konsa Bondye pral egzekite jijman l sou fo relijyon sa yo. — Revelasyon 17:15-17; 18:7.

 Annatandan, Bondye pa vle sa fo relijyon yo ap fè twonpe moun oswa anpeche yo pwoche bò kote l (Matye 24:11, 12). Bondye ankouraje moun ki sensè yo pou yo aprann konnen fason kòrèk pou yo sèvi l la ak fason pou yo kite fo relijyon. — 2 Korentyen 6:16, 17.