Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SEKSYON 5

Fason pou w toujou anpè ak fanmi w

Fason pou w toujou anpè ak fanmi w

“Abiye nou [...] ak bonte, imilite, dousè ak pasyans.” — Kolosyen 3:12.

Lè yon moun marye, li vin gen yon nouvo fanmi. Byenke w ap toujou renmen paran w e w ap toujou gen respè pou yo, kounye a, moun ou marye avè l la se moun ki pi enpòtan pou ou sou tè a. Sa gendwa difisil pou kèk moun nan fanmi w aksepte sa. Men, prensip biblik yo ka ede w fè ekilib yon fason pou w ka toujou anpè ak fanmi w, toutpandan w ap travay di pou w bati yon bon relasyon ak nouvo fanmi w vin genyen an.

1 KONTINYE GEN YON BON PWENNVI SOU FANMI W

MEN SA BIB LA DI: “Onore papa w ak manman w.” (Efezyen 6:2). Kèlkeswa laj ou, ou dwe toujou onore paran w, e w dwe respekte yo. Ou dwe rekonèt tou, moun ou marye avè l la gen responsablite, antanke pitit gason oswa pitit fi, pou l bay paran l atansyon. Etandone “lanmou pa jalou sò moun”, ou pa dwe janm konsidere relasyon l gen ak paran l kòm yon menas pou ou. — 1 Korentyen 13:4; Galat 5:26.

SA W KA FÈ:

  • Evite fè yon seri kòmantè tankou: “Fanmi w toujou ap rabese m” oubyen “Manman w pa janm renmen sa m fè”.

  • Fè efò pou w wè bagay yo menm jan ak moun ou marye avè l la.

2 OU DWE FÈM LÈ SA NESESÈ

MEN SA BIB LA DI: “Se poutèt sa yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e y ap vin yon sèl chè.” (Jenèz 2:24). Lè w marye, paran w yo gendwa toujou santi yo gen responsablite pou yo pran swen w, e yo gendwa vle enplike nan maryaj ou depase limit.

Se ou menm ak moun ou marye avè l la ki dwe konn ki limit n ap bay paran nou, e avèk jantiyès, nou dwe fè yo konn limit sa yo. Ou kapab di yo sa w panse, epi w ka pale klè san w pa oblije pale di ak yo (Pwovèb 15:1). Lè w gen imilite, dousè ak pasyans, sa ap ede w gen bon relasyon ak fanmi w e sa ap pèmèt “youn [kontinye] sipòte lòt nan lanmou”. — Efezyen 4:2.

SA W KA FÈ:

  • Si w twouve fanmi w ak fanmi moun ou marye avè l la enplike twòp nan lavi w, pale sou sa ak moun ou marye avè l la lè nou toule de kalm.

  • Se pou nou toule de antann nou sou fason n ap jere sitiyasyon sa yo.