Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon

Entwodiksyon

Ou menm k ap li liv sa a,

Èske w santi w pwòch Bondye? Pou anpil moun, pwoche bò kote Bondye sanble yon bagay ki enposib. Gen moun ki panse Bondye twò lwen pou yo pwoche bò kote l. Gen lòt moun ki panse yo tèlman pa gen valè nan je Bondye yo pap janm ka rive pwoche bò kote l. Sepandan, men sa Labib ankouraje n pou n fè: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” ​(Jak 4:8). Men pwomès Bondye fè sèvitè l yo: “Mwen menm, Jewova Bondye w la, m ap pran men dwat ou, Sila a ki di w: ‘Ou pa bezwen pè. Mwen menm, m ap ede w.’” — Izayi 41:13.

Kòman n ap ka rive gen yon bèl relasyon konsa ak Bondye? Pou n gen bon relasyon ak yon moun, nou bezwen byen konnen moun sa a. Plis nou konnen moun sa a, se plis n ap vin renmen pèsonalite l genyen e se plis n ap vin gen respè pou li. Kidonk, li enpòtan anpil pou n konnen pèsonalite Bondye ak fason li aji. N ap rive fè sa lè nou etidye Bib la. Lè nou pran tan pou n medite sou fason Jewova demontre chak kalite li gen lakay li, lè nou pran tan pou n reflechi sou fason Jezi te demontre kalite sa yo jan Papa l t ap fè sa e lè nou vin konprann sa pou n fè pou n devlope kalite sa yo tou, sa ap ede n pwoche bò kote Bondye plis toujou. N ap vin wè se Jewova li menm ki gen dwa pou l Souvren linivè a e se li menm ki pi byen plase pou pozisyon sa a. Anplis de sa, li se Papa nou tout bezwen an. Li pisan, li gen jistis, li saj e li renmen nou. Li pa janm abandone pitit fidèl li yo.

Nou swete pou liv sa a ede w vin pi pwòch Jewova, pou l ede w gen bon relasyon avèk Jewova, yon relasyon ki pap janm kraze. Konsa, w ap ka fè louwanj pou Jewova pou toutan.

Editè yo