Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 1

Kalite Jewova yo

Kalite Jewova yo

(Revelasyon 4:11)

  1. 1. Jewova, Papa, Bondye Toupisan,

    Se ou’k bay lavi, ou se yon Dye vivan.

    Kreyasyon an montre jan’w gen pouvwa,

    E sa’w kreye yo ap toujou la.

  2. 2. Ou se yon gran Wa, w’aji ak jistis.

    Ou ban nou prensip k’ap fè’n zanmi’w piplis.

    Wi, pawòl ou, pou nou, se yon richès.

    Ladan’l nou ka wè jan’w gen sajès.

  3. 3. Lanmou’w gen pou nou estrawòdinè.

    Ou ban’n sa’n bezwen e’w fè’n jwenn gwo byenfè.

    Ak kè kontan, n’ap fè tout moun konnen

    Bèl kalite’w yo ak non’w ki sen.