Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 102

‘Ann ede moun ki fèb yo’

‘Ann ede moun ki fèb yo’

(Travay 20:35)

  1. 1. Nou konnen nou gen defo,

    Wi, nou gen mankman.

    Poutan Bondye renmen nou,

    Sa fè nou kontan.

    Li gen anpil bonte,

    Li renmen’n toutbonvre.

    Se pou nou youn renmen lòt

    Jan li renmen’n nan.

  2. 2. Lafwa kèk moun konn febli

    Tikras pa tikras.

    Lè’n di yo bon ti pawòl,

    Sa trè efikas.

    Bondye ka fè yo djanm.

    Ann ede yo ansanm.

    Lè nou chèche konprann yo,

    Y’ap kenbe tennfas.

  3. 3. Si’n jije moun ki fèb yo,

    Yo kapab bite.

    Men, si’n janti avèk yo,

    Y’ap kapab kenbe.

    Annou aji atan

    Pou’n bay ankourajman.

    Plis yo jwenn moun soutni yo,

    Plis y’ap pwogrese.