Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 105

“Bondye se lanmou”

“Bondye se lanmou”

(1 Jan 4:7, 8)

  1. 1. Bondye lanmou an mande nou

    Pou nou suiv chemen lanmou.

    Ann kite lanmou pou Bondye

    Gide tout aksyon’n chak jou.

    Se la sekrè lavi a ye,

    Se lavi sa’ n’ap chèche.

    Yon lanmou tankou pa Kris la

    Se sa nou vle demontre.

  2. 2. Lanmou Bondye fè’n gen lanmou,

    Laverite fè’n aji.

    Lè’n tonbe, Bondye ede nou,

    Li ban’n fòs pou’n reyisi.

    Lanmou pwòp e li pa jalou.

    Lanmou bon e li pasyan.

    Annou renmen frè’n yo pi plis,

    N’ap ka jwenn plis kè kontan.

  3. 3. Pa kite rankin mennen nou,

    Pa kite li anvayi’n.

    Kite Jewova gide nou,

    Suiv prensip li nan lavi’n.

    Renmen Bondye, renmen lòt moun,

    Se sa ki pi bèl richès.

    Annou youn toujou renmen lòt

    Ak tout kè’n, avèk tandrès.