Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 115

Nou gen rekonesans pou pasyans Bondye

Nou gen rekonesans pou pasyans Bondye

(2 Pyè 3:15)

  1. 1. Jewova Dye, ou renmen jistis,

    Ou toupisan, prensip ou jis.

    Mechanste fin plen tout tè a.

    Sa fè’n lapenn, ou byen konn sa.

    Non, ou pa lan jan moun yo panse,

    Pasyans ou pap dire nètale.

    (REFREN)

    Ou se espwa’n, nou fè’w konfyans,

    N’ap louwe non’w ak rekonesans.

  2. 2. Bondye, mil an pa anyen pou ou,

    Yo pase vit tankou yon jou.

    Gran jou’w la pa lwen kounye a,

    Li pral rive, san fè reta.

    Lè moun k’ap fè peche repanti,

    Nou konnen sa fè’w anpil plezi.

    (REFREN)

    Ou se espwa’n, nou fè’w konfyans,

    N’ap louwe non’w ak rekonesans.