Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 123

Annou soumèt anba direksyon Bondye

Annou soumèt anba direksyon Bondye

(1 Korentyen 14:33)

  1. 1. Sèvitè Bondye yo ap fè moun konnen

    Enpòtans Wayòm nan, tout valè’l genyen.

    Yo tout dwe obeyi direksyon Bondye.

    Konsa, y’ap ret fidèl, yo pap janm devye.

    (REFREN)

    Moun sou tout tè a dwe bay Bondye glwa,

    Yo dwe soumèt devan’l.

    Li ban’n pwoteksyon, tandrès, afeksyon,

    Annou suiv tout kòmandman’l.

  2. 2. Fòs aktif Bondye la, entandan’l lan la.

    Y’ap toujou gide nou pou nou pa faya.

    Donk, annou kenbe fèm, Bondye ap kontan.

    Ann preche pawòl li avèk anpresman.

    (REFREN)

    Moun sou tout tè a dwe bay Bondye glwa,

    Yo dwe soumèt devan’l.

    Li ban’n pwoteksyon, tandrès, afeksyon,

    Annou suiv tout kòmandman’l.