Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 125

“Byennere moun ki gen mizèrikòd yo!”

“Byennere moun ki gen mizèrikòd yo!”

(Matye 5:7)

  1. 1. Ak kè kontan, Bondye nou an

    Fè nou mizèrikòd toutan.

    Li pran plezi nan ladwati.

    Tout sèvitè’l yo, li soutni.

    Lè’n repanti, n’ap jwenn padon,

    Paske Bondye renmen’n toutbon.

    Li sonje nou tout se pousyè,

    Li gen pitye, li fè’n favè.

  2. 2. Lè peche nou dekouraje’n,

    E’n vle pou Bondye padone’n,

    Jezi te di sa pou nou fè,

    Se vide kè’n nan lapriyè:

    “Papa, tanpri, padone nou

    Menm jan’n padone lòt moun tou.”

    Lè sa’, n’ap evite rankin,

    E n’ap gen lapè nan lespri’n.

  3. 3. Lè mizèrikòd pouse’n bay

    Sa bon, e se yon bèl bagay.

    Men’n pa vle moun mete’n byen wo,

    Se Bondye pou’n bay glwa pito.

    E li menm ki wè jan’n aji,

    L’ap kontan, l’ap ban nou lavi.

    Mizèrikòd pote lajwa,

    Epi’l rejwi kè Jewova.

(Gade tou Mat. 6:2-4, 12-14.)