Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 127

Kalite moun mwen dwe ye a

Kalite moun mwen dwe ye a

(2 Pyè 3:11)

  1. 1. Ki sa mwen ka ba ou pou’m di ou mèsi?

    Se ou ki kreye mwen, se ou ki ban’m lavi.

    Pawòl ou se glas pou’m gade nan fon kè mwen.

    Ede’m wè ki moun mwen ye vre, chak jou pi byen.

    (YON TI DIPLIS)

    Mwen vle sèvi’w tout vi’m, wi, san kondisyon.

    Mwen pa vle pou sa vin yon senp obligasyon.

    Mwen vle ba’w tout nanm mwen, tout kè’m, pou’m sèvi’w.

    Mwen vle fè’w kontan, mwen vle obeyi’w.

    Ede’m egzamine, ede’m rive wè

    Ki moun ou swete’m ye, ou menm ki fè’m favè.

    Tout moun ki fidèl, se yo menm w’ap ancheri,

    Mwen swete pami moun sa yo ki fè’w plezi.