Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 138

Moun ki gen cheve blan yo bèl nan je Bondye

Moun ki gen cheve blan yo bèl nan je Bondye

(Pwovèb 16:31)

  1. 1. Gen moun ki pami nou la

    Ki pa jèn ankò.

    Men, yo la, y’ap andire,

    Y’ap fè gwo efò.

    Yo tout nèt pèdi fòs yo,

    Kèk pèdi konjwen.

    Papa, fè yo gen konfyans

    Pwomès ou sèten.

    (REFREN)

    O Papa, ou sonje

    Tout sa yo te fè.

    Fè yo gen asirans

    Ou bay sa valè.

  2. 2. Lè moun ki gen cheve blan

    Toujou ret fidèl,

    Yo atiran pou Bondye,

    Wi, sa fè yo bèl.

    Se pou nou toujou sonje

    Yo te jèn yon lè,

    E yo te bay tout yo menm

    Ak yon kè konplè.

    (REFREN)

    O Papa, ou sonje

    Tout sa yo te fè.

    Fè yo gen asirans

    Ou bay sa valè.