Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 17

“Wi, mwen vle”

“Wi, mwen vle”

(Lik 5:13)

  1. 1. Jezi Kris renmen’n ak tout kè’l.

    Li kite Papa’l ki nan syèl.

    Li te toujou pran swen

    Moun ki nan bezwen.

    Li te preche ak anpil zèl,

    Li te ede gason kou fi,

    Moun ki enfim, moun k’ap soufri.

    Li ranpli misyon’l ak fidelite.

    Ak amou, li di: “Wi, mwen vle.”

  2. 2. N’ap chèche suiv egzanp li bay,

    N’ap fè sa nan tout ti detay.

    N’ap travay pou’n ede

    Moun nou rankontre

    Pou yo obeyi Kris san fay.

    N’ap ede moun ki nan bezwen,

    Kit se vèv, kit se òfelen.

    Donk, si se nou menm yo ta adrese,

    N’ap byen kontan di: “Wi, mwen vle.”