Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 29

Annou viv ann amoni ak non nou pote a

Annou viv ann amoni ak non nou pote a

(Ezayi 43:10-12)

  1. 1. Gran Dye, Jewova, toupisan, etènèl,

    Ou bon, ou jis, lanmou’w pa gen parèy.

    Tout verite sot nan ou, sajès ou gran,

    Ou Souvren nan syèl la, se yon mèvèy.

    Se yon plezi pou’n sèvi’w ak tout kè nou,

    E nou kontan preche bon nouvèl la.

    (REFREN)

    Se gwo privilèj nou genyen pou’n Temwen’w.

    Nou swete byen pote non’w, bon Papa!

  2. 2. Lè nou travay ansanm nan sèvis ou a,

    Sa fè nou gen plis lanmou ak lapè.

    Nou pran plezi anseye laverite,

    Konsa nou ba’w glwa, louwanj ak onè.

    Ou ban nou pote non’w, sa fè nou beni,

    Se yon onè ki ban nou anpil jwa.

    (REFREN)

    Se gwo privilèj nou genyen pou’n Temwen’w.

    Nou swete byen pote non’w, bon Papa!