Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 34

Mache avèk fidelite

Mache avèk fidelite

(Sòm 26)

  1. 1. Jije’m Seyè. Mwen swete lè’w gade’m,

    Ou wè fidelite’m, ou wè entegrite’m.

    Egzamine’m, teste’m, o Jewova

    E rafine kè mwen pou’m ka toujou ba’w glwa.

    (REFREN)

    Mwen vle mache avèk fidelite,

    mwen vle toujou rete nan chemen verite.

  2. 2. Mwen pa chita ak mechan, ak mantè.

    Mwen pa frekante moun ki meprize’w, Seyè.

    Pa efase lavi’m ak moun mechan,

    Ki montre yo vyolan, k’ap mal aji toutan.

    (REFREN)

    Mwen vle mache avèk fidelite,

    mwen vle toujou rete nan chemen verite.

  3. 3. Wi, mwen renmen kay kote’w abite.

    Adorasyon’w sakre, m’ap soutni’l san rete.

    Mwen pral mache toutotou lotèl ou,

    Pou’m remèsye’w byen fò paske’w ede’m chak jou.

    (REFREN)

    Mwen vle mache avèk fidelite,

    mwen vle toujou rete nan chemen verite.

(Gade tou Sòm 25:2.)