Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 39

Ann travay pou n gen yon bèl repitasyon devan Bondye

Ann travay pou n gen yon bèl repitasyon devan Bondye

(Eklezyas 7:1)

  1. 1. Chak jou nan lavi’n, nou vle lite toutbon

    Pou nou vin genyen yon bèl repitasyon.

    Si nou fè sa ki byen, si’n aji an kretyen,

    Bondye ap kontan, sa se sèten.

  2. 2. Si nou ta chèche gen gwo non nan monn sa’,

    Si’n ta vle zanmi’l pou li ka ban nou glwa,

    Se t’ava yon foli, e nou t’ap mal aji.

    Favè Jewova nou t’ap pèdi.

  3. 3. Nou vle pou Bondye sonje nou pou toutan,

    Pou repitasyon’n toujou fè kè’l kontan.

    Ann konte sou Bondye, ann kontinye preche.

    Annou ret fidèl san’n pa devye.