Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 4

“Jewova se Bèje mwen”

“Jewova se Bèje mwen”

(Sòm 23)

  1. 1. Jewova Dye se Bèje mwen,

    L’ap mennen’m nan bon chemen.

    Li byen konnen tout sa’k nan fon kè’m,

    Li konnen tout sa’m bezwen.

    Kote’l mennen’m yo byen wouze,

    Yo kalm e yo bèl anpil.

    Ak lanmou fidèl, li toujou gide’m

    Pou’m viv anpè, byen trankil.

    Wi, li fidèl, l’ap toujou gide’m

    Pou’m viv anpè, byen trankil.

  2. 2. Kote’w mennen’m yo bèl, yo fre,

    Se chemen fidelite.

    Tanpri, poutèt non’w ki san parèy,

    Ede mwen pou’m pa devye.

    Menmsi mwen nan yon gwo fènwa,

    Mwen pa pè okenn malè,

    Paske’w se Bondye’m, e ou se zanmi’m.

    Mwen santi’m byen, mwen pa pè.

    Ou se Bondye’m e ou se zanmi’m.

    Mwen santi’m byen, mwen pa pè.

  3. 3. Jewova, ou se Bèje mwen,

    M’ap suiv ou kote’w mennen’m.

    Ou ban mwen fòs, ou fè’m jwenn repo,

    Ou pran swen’m paske’w renmen’m.

    Mwen fè’w konfyans, mwen kwè nan ou,

    Paske’w se yon Dye vivan.

    Mwen swete pou lanmou’w toujou kouvri’m

    E pou’w pran swen mwen chak jou.

    M’swete pou lanmou’w toujou kouvri’m

    E pou’w pran swen mwen chak jou.

(Gade tou Sòm 28:9; 80:1.)