Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 42

Priyè yon sèvitè Bondye fè

Priyè yon sèvitè Bondye fè

(Efezyen 6:18)

  1. 1. O bon Papa, se ou menm ki Souvren.

    Se pou lèzòm fè louwanj pou non’w ki sen.

    Tout sa’w swete, ou fè’l rive vre.

    Pou Wayòm ou an vini, n’ap priye.

    Lè’w fikse a, fò’l vini.

    Bèl bagay l’ap akonpli.

  2. 2. Mèsi papa, pou sa’w ban nou chak jou.

    Tout sa pwouve nou ou gen anpil lanmou.

    Ou ban’n lavi, ou ban nou limyè,

    Ou ban nou sajès, nou menm ki pechè.

    Chak jou n’ap di ou mèsi,

    N’ap louwe’w pou jan’w aji.

  3. 3. Nan vye monn sa’, nou jwenn tribilasyon.

    Se grasa ou, n’ap ka jwenn konsolasyon.

    Wi, se sou ou’n lage chay ki lou.

    Tanpri, ede’n pou’n toujou sèvi ou.

    Ak tout kè nou n’ap priye’w.

    Ban’n fòs pou’n fè volonte’w.