Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 51

Nou vwe lavi nou bay Bondye

Nou vwe lavi nou bay Bondye

(Matye 16:24)

  1. 1. Bondye rele nou pou’n suiv Kris, Seyè nou an.

    Se yon privilèj ki fè’n kontan.

    Bondye ban’n laverite

    Ki klere tout kote’n ye.

    Lafwa’n vin pi djanm chak jou,

    E’n sispann viv pou tèt nou.

    (REFREN)

    Nou vwe lavi nou bay Bondye. Se chwa pa nou.

    Se yon plezi pou’n louwe’l toulejou.

  2. 2. Nou priye Bondye, nou pwomèt pou’n obeyi’l.

    Nou vwe lavi’n ba li pou’n sèvi’l.

    Sa ban nou anpil lajwa,

    E n’ap fè lòt moun konn sa.

    N’ap preche san patipri,

    E’n kontan pote non li.

    (REFREN)

    Nou vwe lavi nou bay Bondye. Se chwa pa nou.

    Se yon plezi pou’n louwe’l toulejou.