Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 55

Pa pè yo!

Pa pè yo!

(Matye 10:28)

  1. 1. Nou menm pèp mwen, nou mèt vanse,

    Toujou preche Wayòm nan.

    Pa kouri pou ènmi an,

    Bay laverite ak kran.

    Fè konnen Jezi gentan Wa,

    Li deja poze aksyon.

    Talè, li pral mare Satan,

    Nou pral jwenn konsolasyon.

    (REFREN)

    Pitit mwen, nou pa bezwen pè,

    Menmsi yo ta menase’n.

    M’ap pran swen nou tankou gla je’m.

    Wi, m’ap toujou pwoteje’n.

  2. 2. Kit ènmi yo la pa pakèt,

    Kit y’ap plede fè’n menas,

    Kit pawòl yo efikas,

    Pou pran anpil moun nan nas,

    Nou menm pèp mwen, pinga’n pè yo,

    Menm lè’n jwenn pèsekisyon,

    M’ap soutni moun ki fidèl yo

    E m’ap ba yo pwoteksyon.

    (REFREN)

    Pitit mwen, nou pa bezwen pè,

    Menmsi yo ta menase’n.

    M’ap pran swen nou tankou gla je’m.

    Wi, m’ap toujou pwoteje’n.

  3. 3. Pa panse m’ap janm bliye nou,

    Fòs nou, boukliye’n se mwen.

    Si nou mouri pou sa’k byen,

    M’ap leve nou, se sèten.

    Pa pè moun ki ka touye kò,

    Men ki pa ka detwi nanm.

    Rete fidèl jiska lafen,

    M’ap ede nou kenbe djanm.

    (REFREN)

    Pitit mwen, nou pa bezwen pè,

    Menmsi yo ta menase’n.

    M’ap pran swen nou tankou gla je’m.

    Wi, m’ap toujou pwoteje’n.