Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 70

Annou chèche moun ki byen dispoze yo

Annou chèche moun ki byen dispoze yo

(Matye 10:11-15)

  1. 1. Jezi te montre nou kòman pou’n preche.

    Li te ban nou bon enstriksyon:

    ‘Chèche nenpòt moun ki vle akeyi nou,

    E ki vle konnen Bondye toutbon.

    Lè’n salye moun yo, lè’n swete yo lapè,

    Si yo akeyi’n, y’ap jwenn byenfè.

    Men, si gen lòt moun ki refize koute,

    Souke pousyè’k nan pye’n, al anpè.’

  2. 2. Moun ki resevwa’n, se Kris yo resevwa.

    Si yo ouvri kè yo byen laj,

    Y’ap vin gen dezi pou yo sèvi Bondye

    Bò kote’n nètale ak kouraj.

    Pa janm enkyete konsènan sa pou’n di,

    Paske Jewova ap ede nou.

    Lè nou byen pale, n’ap kapab atire

    Moun ki gen imilite, ki dou.