Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Santiman

Santiman

Labib avèti nou kont kèk fason nou ka ye oswa kèk fason nou ka santi nou ki ka gen move konsekans sou nou ak lòt moun e li ankouraje nou chèche gen kalite ki ka fè nou byen.

KÒLÈ

PRENSIP BIB LA BAY: “Moun ki pa fè kòlè fasil pi bon pase gason vanyan.” — Pwovèb 16:32.

SA SA VLE DI: Nou jwenn byenfè lè n chèche gen plis kouraj pou n kontwole sa nou santi. Se vre, pafwa nou tout konn gen rezon pou n an kòlè, men, sa ka fè anpil dega si nou pa kontwole l. Gen anpil moun jodi a k ap fè rechèch ki fè konnen lè moun an kòlè yo pa toujou byen reflechi, e souvan, yo ka di oswa fè yon seri bagay y ap regrèt annapre.

MEN SA W KA FÈ: Aprann kontwole kòlè w anvan l pran kontwòl ou. Byenke gen kèk moun ki panse yon moun ki pa kontwole kòlè l se yon moun ki fò, men, an reyalite, lè yon moun pa kontwole kòlè l, sa montre l fèb pito. Labib di: “Tankou yon vil ki pa gen miray yo anvayi, se konsa yon moun ki pa ka kontwole tèt li ye.” (Pwovèb 25:28). Yon bon fason pou n kontwole kòlè nou, se lè n chèche konnen ki sa k pase toutbonvre anvan nou di oswa fè yon bagay. “Se bon konprann yon moun genyen ki fè l bese kòlè l.” (Pwovèb 19:11). Lè de kan gen yon pwoblèm, li bon pou n tande chak kan yo, sa ka fè n byen konprann sitiyasyon an, konsa, nou ka gen kontwòl sou sa n santi.

REKONESANS

PRENSIP BIB LA BAY: “Montre nou gen rekonesans.” — Kolosyen 3:15.

SA SA VLE DI: Gen moun ki di se sèl moun ki gen rekonesans ki gen kè kontan. Menm moun ki gen moun pa yo ki mouri oswa ki pèdi yon bagay enpòtan ap dakò ak sa. Moun sa yo konn fè konnen sa k ede yo jere sa yo santi, se lè yo gen rekonesans pou sa yo genyen toujou olye yo rete ap reflechi sou sa yo pèdi.

MEN SA W KA FÈ: Chak jou, fè yon lis bagay ou gen rekonesans pou yo. Se pa oblije gwo bagay. Ou ka reflechi sou kèk ti bagay tankou jan solèy la bèl lè l ap leve, yon bèl ti konvèsasyon ak yon moun pa w oubyen lefètke w ka wè yon lòt jou. Si w pran tan reflechi sou bagay sa yo epi w montre w gen rekonesans pou yo, sa ka fè w gen plis kè kontan.

Li t ap bon anpil pou w reflechi sou rezon ki fè w gen rekonesans pou fanmi w ak zanmi w. Lè gen yon bagay ou renmen lakay lòt moun, di yo sa. Ou ka di yo sa fasafas, oubyen ou ka ekri sa nan yon lèt, nan yon imel oswa nan yon mesaj tèks. Konsa, l ap pi fasil pou w gen pi bon relasyon avè yo, e w ap gen kè kontan paske w fè sa ki byen pou yo. — Travay 20:35.

KÈK LÒT PRENSIP NAN BIB LA

Ou kapab telechaje anrejistreman odyo Bib la oswa anrejistreman odyo piblikasyon ki baze sou Bib la. Anrejistreman odyo Bib la disponib nan anviwon 40 lang sou sit jw.org la.

KOURI POU DISKISYON.

“Lè yon batay kòmanse, se tankou yon dlo yo lage. Anvan diskisyon pete, wete kò w!” — PWOVÈB 17:14.

EVITE BAY TÈT OU TWÒP PWOBLÈM POU LAVNI.

“Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l. Chak jou gen kont traka pa l.” — MATYE 6:34.

PRAN SAN W POU W BYEN REFLECHI OLYE W KOURI REYAJI SOU KOUT TÈT.

“W ap aprann reflechi e sa ap pwoteje w, e bon jijman ou vin genyen ap pwoteje w.” — PWOVÈB 2:11.