Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Tout bagay posib pou Jewova

Tout bagay posib pou Jewova

“PAP gen lanmò ankò, e menm moun ki mouri yo ap retounen gen lavi.” Se pawòl sa yo madanm mwen ki rele Mairambubu te tande pandan l t ap vwayaje nan yon bis. Li te enterese e l te vle konn plis bagay toujou. Kou bis la te kanpe epi pasaje yo te desann, li te kouri dèyè dam ki t ap di pawòl sa yo. Li te rele Apun Mambetsadykova, e l te yon Temwen Jewova. Nan epòk sa a, se te yon risk lè yon moun pale ak Temwen yo, men, sa Apun te vin aprann nou yo te chanje lavi nou.

NOU T AP TRAVAY DEPI GRANMMATEN RIVE JIS ASWÈ

Mwen fèt an 1937 nan yon kolkoz, sètadi plizyè plantasyon yo fè fè youn, ki toupre Tokmok, nan Kigistan. Fanmi nou se moun Kigistan, e nou pale lang kigiz. Paran m yo te kiltivatè, e yo te konn travay nan kolkoz la depi granmmaten rive jis aswè. Yo te konn bay peyizan yo pwovizyon regilyèman, men, se sèlman yon fwa chak ane yo te konn peye yo lajan kach. Manman m te redi anpil pou l pran swen ti sè m nan avè m. Apre m fin fè sèlman senkan lekòl, m te kòmanse travay aplentan nan kolkoz la tou.

Mòn Teskey Ala-Too.

Nan zòn kote m t ap viv la, te gen anpil povrete, e m te travay di anpil pou m te ka pran swen tèt mwen. Antanke jèn gason, m pa t konn reflechi anpil sou rezon ki fè m t ap viv oswa sou avni m. M pa t janm imajine verite estrawòdinè m te aprann sou Jewova Dye ak sou objektif li t ap chanje lavi m. Fason mesaj sa a te rive nan Kigistan ak fason l te gaye nan peyi a se yon istwa ki enteresan anpil. Istwa sa a te kòmanse nan zòn kote m t ap viv la nan nò peyi Kigistan.

YON SERI MOUN KI TE SOT ANN EGZIL TE POT LAVERITE NAN KIGISTAN

Laverite konsènan Jewova Dye te pran rasin nan Kigistan nan ane 1950 yo. Pou sa te posib, laverite te dwe pot laviktwa sou yon ideyoloji ki te pisan anpil. Poukisa? Se paske peyi ki rele Kigistan kounye a te fè pati Inyon Repiblik Sosyalis Sovyetik (URSS) anvan sa. Nan tout tèritwa Inyon Sovyetik la, Temwen Jewova yo te ret net nan zafè politik (Jan 18:36). Pou rezon sa a, yo te pèsekite yo antanke ènmi Leta kominis la. Men, pa gen okenn ideyoloji ki ka anpeche Pawòl Bondye a touche kè moun ki sensè yo. Anfèt, youn nan leson ki pi enpòtan m te aprann pandan tout lavi m sèke “tout bagay posib” pou Jewova. — Mak 10:27.

Emil Yantzen

Piske yo t ap pèsekite Temwen Jewova yo, sa te fè kantite Temwen yo vin ogmante nan Kigistan. Sa k fè sa? Se paske tèritwa Inyon Sovyetik la te gen ladan l zòn Siberi a, yon zòn kote yo te konn egzile moun yo te konsidere kòm ènmi Leta yo. Lè yo te lage egzile sa yo, gen anpil nan yo ki te vin nan Kigistan, e gen kèk nan yo ki te pot laverite ansanm ak yo. Emil Yantzen te youn nan moun sa yo ki te sot ann egzil, e l te fèt nan Kigistan nan ane 1919. Yo te voye Emil al travay nan yon kan e se la li te rankontre Temwen yo. Li te aksepte laverite e l te retounen lakay li an 1956. Emil te vin abite toupre Sokoulouk, nan zòn kote m te abite a. Se nan Sokoulouk yo te fòme premye kongregasyon nan Kigistan nan ane 1958.

Victor Vinter

Anviwon ennan annapre, Victor Vinter t al abite Sokoulouk. Frè sa a ki te fidèl te andire plizyè eprèv. Pandan de fwa li te pase twazan nan prizon paske l te ret net nan zafè politik, annapre, li te pase dizan ankò nan prizon epi l te fè senkan ann egzil. Malgre sa, pèsekisyon pa t anpeche vrè adorasyon an kontinye pwogrese.

LAVERITE RIVE TOUPRE ZÒN KOTE M TE ABITE A

Eduard Varter

An 1963, te gen anviwon 160 Temwen nan Kigistan, e anpil nan yo te soti nan peyi Almay, Ikrèn ak Larisi. Pami yo te gen Eduard Varter ki te youn nan moun yo te egzile yo e ki te batize ann Almay an 1924. Nan ane 1940 yo, Nazi yo te voye Eduard nan yon kan konsantrasyon, e kèk ane apre, Kominis nan Inyon Sovyetik yo te voye l ann egzil. An 1961, frè sa a ki te fidèl t al abite nan vil Kant ki te toupre vil kote m te abite a.

Elizabeth Fot; Aksamai Sultanalieva

Elizabeth Fot se youn nan sèvitè fidèl Jewova yo e li t ap viv nan vil Kant tou. Li te yon koutiryè e se sa l te konn fè pou l viv. Piske l te konn koud byen, gen yon seri pwofesyonèl, tankou doktè ak pwofesè, ki te konn ba l koud pou yo. Gen yon dam ki te kliyan l ki te rele Aksamai Sultanalieva ki te marye ak yon fonksyonè nan biwo komisè gouvènman an. Aksamai t al kot Elizabeth paske l te bezwen kèk rad, men l te poze l anpil kesyon sou sans lavi a ak sou sitiyasyon mò yo. Elizabeth te reponn kesyon l yo dirèkteman nan Bib la. Aksamai te vin yon pwoklamatè ki chofe nan preche bon nouvèl la.

Nikolai Chimpoesh

Nan epòk sa a, yo te nome yon frè ki rele Nikolai Chimpoesh ki sot nan peyi Mòldavi siveyan sikonskripsyon e l te pase prèske 30 an nan sèvis la. Nonsèlman Nikolai te konn vizite kongregasyon yo, men tou, li te konn òganize travay pou fè fotokopi piblikasyon nou yo e pou distribye yo. Otorite yo te vin okouran aktivite l t ap mennen yo. Se sa k fè Eduard Varter te bay Nikolai kèk konsèy ankourajan lè l te di l: “Lè otorite yo poze w kesyon, di yo kareman se nan syèj mondyal la ki nan Bwouklin piblikasyon nou yo soti. Se pou w gade ajan KGB a dwat nan je. Ou pa gen anyen pou w pè.” — Mat. 10:19.

Yon ti tan apre konvèsasyon sa a, yo te konvoke Nikolai nan katye jeneral KGB a nan vil Kant. Men sa l di ki te rive apre sa: “Gen yon ajan ki te mande m kote n jwenn piblikasyon nou yo. M te di l yo soti Bwouklin. Li pa t konn sa pou l reponn. Li te annik kite m ale epi l pa t janm rele m ankò.” Temwen sa yo ki te brav te pran anpil prekosyon pou yo te ka kontinye preche bon nouvèl la toupatou nan zòn kote m te abite nan nò peyi Kigistan. Lè verite ki gen anpil valè konsènan Jewova te resi touche fanmi m nan ane 1980 yo, se madanm mwen Mairambubu ki te premye tande l.

MADANM MWEN TE REKONÈT LAVERITE BYEN VIT

Mairambubu soti nan yon zòn nan Kigistan ki rele Narin. Yon jou nan mwa out 1974, li te vin lakay sè m nan, e se la nou te rankontre pou premye fwa. M te tonbe damou Mairambubu menm kote a. Nou te marye menm jou a.

Apun Mambetsadykova

Nan mwa janvye 1981, pandan Mairambubu te nan yon bis pou l al nan yon mache ki nan zòn nan, li te tande konvèsasyon m te pale de li nan kòmansman an. Madanm mwen te vle tande plis bagay toujou, donk, li te mande dam nan non l ak adrès li. Dam nan te di l rele Apun, men l te pridan paske, menm nan ane 1980 yo, yo te entèdi aktivite Temwen yo. Olye Apun te bay madanm mwen adrès li, li te pran adrès nou pito. Madanm mwen te antre lakay ak kè kontan.

Men sa Mairambubu te di: “M te tande anpil bèl bagay. Gen yon dam ki te fè m konnen talè konsa moun pap mouri ankò. Menm bèt sovaj yo ap vin dou.” Pou mwen, sa te sanble yon lejann. M te reponn li: “Ann tann li vin vizite n pou l ka ban nou plis esplikasyon.”

Apun te vizite n apre twa mwa. Apre sa, li te kontinye vizite n, e sa te pèmèt nou fè konesans ak kèk nan premye Temwen ki te moun Kigistan. Sè sa yo te aprann nou yon seri bèl verite sou Jewova ak sou objektif li genyen pou lèzòm. Yo te li kèk bagay pou nou nan liv ki rele Yo te pèdi Paradi a e yo rejwenn Paradi a *. Piske se yon sèl nan liv sa a ki te gen nan vil Tokmok, nou te kopye l alamen pou n te ka genyen l.

Youn nan premye bagay nou te aprann se pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan. Pwofesi sa a ap reyalize pa mwayen Jezi ki se Mesi a, Wa Bondye chwazi a. Se yon mesaj enpòtan tout moun dwe tande! Nou gen tout rezon pou n patisipe nan pwoklame bon nouvèl la (Mat. 24:14). Sa pa t pran tan pou verite ki nan Bib la te kòmanse chanje lavi nou.

REYINYON AK BATÈM PANDAN ENTÈDIKSYON AN

Gen yon frè nan Tokmok ki te envite n nan yon maryaj. Madanm mwen avè m pa t pran tan pou n wè Temwen yo pa konpòte yo menm jan ak lòt moun. Pa t gen alkòl nan maryaj la, e resepsyon an te fèt nan lòd. Se pa t menm bagay ditou ak lòt maryaj nou te asiste yo kote envite yo te konn sou, yo te konn gen move konpòtman, e yo te konn di vye pawòl.

Anplis de sa, nou te konn asiste kèk reyinyon nan kongregasyon ki nan Tokmok la. Yo te konn fè reyinyon sa yo nan rak bwa, lè tanperati a te pèmèt sa. Frè ak sè yo te konnen lapolis t ap siveye n anpil, se sa k fè frè yo te konn met yon frè pou veye. Nan sezon ivè, nou te konn fè reyinyon nan yon kay. Pandan kèk fwa, lapolis te debake nan kay la e yo te bezwen konnen sa n t ap fè. Mairambubu avè m te oblije pridan lè n t ap batize nan rivyè Chüy nan mwa jiyè 1982 (Mat. 10:16). Frè yo te vini pa ti gwoup e yo te rasanble nan forè a. Nou te chante yon kantik Wayòm epi n te tande diskou batèm nan.

NOU TE PWOFITE OKAZYON POU N PRECHE PLIS

An 1987, te gen yon frè ki te mande m pou m al vizite yon moun ki enterese ki t ap viv nan vil Balikchi. Nou t ap bezwen fè katrè ap vwayaje nan tren soti lakay nou pou n rive nan zòn sa a. Apre plizyè vwayaj nou te fè pou n al preche nan vil Balikchi, nou te vin wè gen anpil enterè nan zòn sa a. Sa klè, se te yon okazyon n te genyen pou n preche plis.

Mairambubu avè m te konn vwayaje souvan al nan vil Balikchi. Nou te konn pase pifò wikenn nou la, nou te konn al preche, e n te konn òganize reyinyon yo. Anpil moun te vle gen piblikasyon nou yo. Nou te konn al pran piblikasyon yo nan vil Tokmok nan yon michok ki se yon sak moun te konn itilize pou pot pòmdetè. Chak mwa, se apèn si de sak ki plen ak piblikasyon te konn sifi. Menm lè n te nan tren pou n al Balikchi e pou n retounen, nou te gen posiblite bay pasaje yo temwayaj.

An 1995, yo te fòme yon kongregasyon nan Balikchi, uit an apre premye vizit nou nan vil sa a. Ane nou te fè ap vwayaje ant Tokmok ak Balikchi yo te koute anpil kòb. Nou pa t gen anpil mwayen, donk, ki jan n te degaje n? Gen yon frè ki te konn ban n kòb regilyèman pou n kouvri depans nou yo. Jewova te wè dezi nou genyen pou n preche plis, e li te ouvri “vàn ki nan syèl la” pou nou (Mal. 3:10). Sa klè, tout bagay posib pou Jewova!

NOU TE OKIPE NAN PRAN SWEN FANMI N AK NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

An 1992, yo te nome m ansyen, e m se premye moun Kigistan ki te ansyen nan peyi a. Nan kongregasyon nou an nan Tokmok, yon kongregasyon ki te konn reyini lakay nou, te vin gen lòt posiblite pou n sèvi. Nou te etidye Labib ak anpil jèn nan Kigistan ki te lekòl oswa ki te nan sant fòmasyon. Gen youn nan jèn nou t ap etidye avè l yo k ap sèvi nan komite filyal la kounye a, e gen de lòt ki pyonye espesyal. Anplis de sa, nou te fè efò pou n ede lòt moun ki te vin nan reyinyon yo. Nan kòmansman ane 1990 yo, piblikasyon nou yo te nan lang ris e reyinyon nou yo te konn fèt nan lang sa a. Men, te vin gen plis moun toujou nan kongregasyon an ki te pale kigiz, piske se lang manman yo. Konsa, m te konn entèprete pou yo, sa te konn ede yo konprann verite a pi fasil.

Mwen menm ak madanm mwen ak uit nan pitit nou yo, an 1989.

Mairambubu avè m te okipe tou nan pran swen fanmi nou an ki te kontinye ap vin pi plis. Nou te konn mennen timoun nou yo nan travay predikasyon an ak nan reyinyon kongregasyon an. Pitit fi nou an ki rele Gulsayra ki te gen sèlman 12 an lè sa a te renmen pale ak moun ki t ap pase nan lari sou Bib la. Timoun nou yo te renmen aprann vèsè yo pa kè tou. Konsa, timoun nou yo, e annapre pitit pitit nou yo, te patisipe anpil nan aktivite kongregasyon an. Sou 9 pitit ak 11 pitit pitit nou genyen ki vivan toujou, gen 16 k ap sèvi Jewova oswa ki asiste reyinyon ak paran yo.

YON SERI GWO CHANJMAN

Frè ak sè nou renmen anpil yo ki te kòmanse ak travay Jewova a nan zòn nou an nan ane 1950 yo t ap sezi wè chanjman nou viv yo. Rezon an sèke, depi ane 1990 yo, nou te vin gen plis libète pou n preche bon nouvèl la e pou n fè reyinyon ki gen pi plis moun.

Mwen menm ak madanm mwen nan travay predikasyon an.

An 1991, mwen menm ak madanm mwen te asiste premye kongrè nou ki te fèt nan Alma-Ata, yo rele l kounye a Almati, nan peyi Kazakstan. An 1993, frè yo nan Kigistan te òganize premye kongrè ki te fèt nan Spartak Stadium nan Bichkèk. Pwoklamatè yo te pase yon semèn ap netwaye stad la anvan kongrè a. Direktè a te tèlman enpresyone li te kite nou itilize lokal la gratis.

An 1994, nou te viv yon lòt bèl moman lè yo te enprime premye piblikasyon nou genyen nan lang kigiz. Kounye a, gen yon ekip tradiksyon nan filyal Bichkèk la ki tradui piblikasyon nou yo nan lang kigiz regilyèman. Anfèt, an 1998, Leta te rekonèt travay Temwen yo ap fè a nan Kigistan. Òganizasyon an ap fè pwogrè, e kounye a nou plis pase 5 000 pwoklamatè. Kounye a, gen antou 83 kongregasyon ak 25 gwoup nan lang anglè, chinwa, kigiz, lang siy ris, ouzbèk, ris, tik ak wigou. Tout frè ak sè sa yo nou renmen anpil e ki pa gen menm kilti ap sèvi Jewova nan tèt ansanm. Se Jewova ki fè tout gwo chanjman sa yo posib.

Jewova te chanje lavi m tou. M te grandi nan yon fanmi peyizan ki pa gen gwo mwayen e m te pase sèlman senkan lekòl. Malgre sa, Jewova te itilize m pou m sèvi kòm ansyen e pou m anseye moun ki te gen pi gwo fòmasyon pase m verite ki gen anpil valè ki nan Bib la. Vrèmanvre, Jewova fè sa moun plis pa t atann nan rive. Eksperyans mwen fè pouse m kontinye temwaye pou Jewova fidèlman, Sila a “tout bagay posib” pou li a. — Mat. 19:26.

^ § 21 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a, men yo pa enprime l ankò.