Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a, moun yo pral “kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total”. — Sòm 37:11

Ki sa Bib la di?

Ki sa Bib la di?

Èske Labib ka ede w fè fas ak tètchaje w genyen yo?

Èske w t ap di...

  • Wi?

  • Non?

  • Petèt?

Men sa Bib la di

“Lage tout tètchaje nou genyen sou [Bondye], paske li gen sousi pou nou.” (1 Pyè 5:7). Labib ban nou asirans Bondye kapab ede n jwenn soulajman lè n gen tètchaje.

Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?

  • Grasa lapriyè, nou ka rive jwenn “lapè Bondye” k ap soulaje n anba tètchaje yo. — Filipyen 4:6, 7.

  • Epitou, si nou li Pawòl Bondye a, sa ka ede n fè fas ak strès. — Matye 11:28-30.

Èske tètchaje yo ap fini yon lè?

Gen kèk moun ki kwè... tètchaje ak strès se bagay nòmal nan lavi moun, men gen lòt ki kwè se sèlman lè yo mouri y ap soulaje anba tètchaje yo. E ou menm, ki sa w panse?

Men sa Bib la di

Bondye pral retire bagay ki lakòz nou gen tètchaje yo. “Pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” — Revelasyon 21:4.

Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?

  • Wayòm Bondye a pral dirije tè a, moun yo pral viv anpè e an sekirite. — Ezayi 32:18.

  • Nou pap sonje pakèt vye tètchaje ak strès nou te konn genyen yo ankò. — Ezayi 65:17.