Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Mwen rive kenbe verite ki nan Bib la aktout mwen pa gen ni men ni bra

Mwen rive kenbe verite ki nan Bib la aktout mwen pa gen ni men ni bra

Lè yon moun pa fin santi l byen, souvan li konn vle kenbe yon bagay. Men, mwen menm, mwen pa ka fè sa, paske mwen pa gen ni men ni bra. Mwen te gen setan lè yo te oblije koupe toule de bra m yo pou yo te ka sove lavi m.

Manman m te gen 17 an lè l te fè m nan ane 1960. Papa m te kite nou anvan m fèt. Manman m avè m te viv ak granparan m nan vil Burg, yon ti vil nan pati Almay yo te rele Repiblik demokratik alman an oswa Almay delès. Anpil moun te ate, ni fanmi m tou. Bondye pa t gen okenn valè pou nou.

Toutpandan m t ap grandi, mwen te kontan jwenn atansyon granpè m. Li te konn fè m patisipe nan yon pakèt travay, pa egzanp, li te konn fè m monte pyebwa pou m koupe branch yo. Lè m te timoun, mwen te kontan fè bagay sa yo. Mwen te gen yon bèl vi e mwen te alèz.

YON AKSIDAN CHANJE LAVI M

Gen yon bagay terib ki te rive yon jou, lè sa a, mwen te gen setan. Mwen te fèk ap kòmanse dezyèm ane nan lekòl mwen. Pandan m t ap tounen lakay, mwen te monte yon pilòn elektrik. Lè m te rive uit mèt wotè, mwen te pran yon chòk elektrik epi m te tou pèdi konesans. Lè m te reveye, m te nan yon lopital. M te santi se kòmsi bra m yo pa t la ankò. De bra m te boule anpil. E blese yo te tèlman grav, doktè yo te oblije koupe toule de bra m yo pou m pa t mouri. Jan nou ka imajine sa, sa te boulvèse manman m ak granparan m yo anpil. Men, kòm mwen te yon timoun, mwen pa t fin byen konprann nan ki pwen sa t apral gen efè sou lavi m.

Apre tan m te fin fè nan lopital la, mwen te retounen lekòl la. Timoun yo te konn nui m, yo te konn pouse m e yo te konn tire bagay sou mwen paske yo te konnen m pa t ka defann tèt mwen. Sa te fè m mal anpil lè m te wè jan yo mechan e pawòl yo te konn di yo te konn blese m. Finalman, yo te voye m nan yon lekòl pou moun ki andikape, ki te nan yon zòn yo rele Birkenwerder, se yon lekòl ki te tankou yon pansyon pou timoun ki andikape. Kòm lekòl la te lwen lakay mwen, manman m ak granparan m yo pa t gen mwayen pou yo vizite m. Se sèl lè vakans m te konn wè yo. Pandan dizan ki te vin annapre yo, mwen te grandi san manman m ak granparan m yo.

MWEN GRANDI SAN M PA GEN NI MEN NI BRA

Mwen te aprann fè anpil bagay ak pye m. Èske w ka imajine yon moun kenbe yon fouchèt oubyen yon kiyè ak zòtèy li pou l manje? Epoutan, m te aprann fè sa. Mete sou sa, m te aprann sèvi ak pye m pou m bwose dan m epi penyen tèt mwen. M te menm kòmanse fè jès ak pye m lè m ap pale. Vrèmanvre, pye m te vin tounen men m.

Lè m te vin adolesan, mwen te renmen li liv syans fiksyon. Mwen te konn imajine mwen gen bra ki fèt grasa gwo teknoloji ki te pèmèt mwen fè tout bagay. Lè m te vin gen 14 an, mwen te kòmanse fimen. Mwen te santi sa fè m gen asirans e sa te fè m santi mwen menm jan ak tout lòt moun. Se kòmsi m te di tèt mwen: ‘M ka fè sa tou. Se granmoun ki fimen, kit yo gen bra kit yo pa gen bra.’

Mwen te chèche anpil aktivite bay tèt mwen e m te patisipe nan aktivite an gwoup. Mwen te vin fè pati yon òganizasyon pou jèn ki te rele Jèn Alman Lib. Se te yon òganizasyon Leta t ap ede, e m te youn nan responsab yo, mwen te sekretè. Mete sou sa, mwen te fè pati yon klèb chante, mwen te konn fè pwezi, e m te konn patisipe nan spò ki fèt pou moun ki andikape. Mwen te kòmanse travay nan yon konpayi nan vil nou an apre m te fin fè yon ti tan ladan l kòm apranti. Toutpandan m t ap grandi, mwen te konn mete fo bra m yo pi souvan paske m pa t vle santi m se yon moso gason.

MWEN PRAN LAVERITE

Yon jou, pandan m t ap tann tren pou m al travay, gen yon mesye ki te vin kote m. Li te mande m si m ka imajine yon jou Bondye ap fè m rejwenn toule de bra m yo ankò. Mwen te sezi anpil. Se vre, m te vle retounen gen bra ankò, men pou mwen se te yon rèv, e sa te enposib. Lefètke m te ate, mwen te sèten Bondye pa t egziste. Depi lè sa a, mwen te chèche yon mwayen pou m evite misye.

Yon ti tan apre sa, gen yon kòlèg travay mwen ki te envite m vizite fanmi l. Pandan nou t ap bwè yon ti kafe, paran l yo te kòmanse pale m de Bondye, Jewova Dye. Se premye fwa nan vi m mwen te aprann Bondye gen yon non (Sòm 83:18). Sepandan, mwen te di tèt mwen: ‘Bondye pa ka egziste, kèlkeswa non l genyen an. M ap montre moun sa yo yo nan erè.’ M te tèlman kwè m gen rezon, mwen te dakò pale de Labib avèk yo. Sepandan, mwen te sezi wè mwen pa t ka pwouve Bondye pa egziste.

Tank nou t ap egzamine pwofesi ki nan Bib la, se tank pwennvi mwen te grandi avè l la t ap chanje. Anpil nan sa Labib te anonse yo reyalize, menmsi yo te anonse yo plizyè milye ane alavans. Pandan youn nan diskisyon yo, nou te konpare sitiyasyon n ap viv nan monn nan jodi a ak pwofesi nou jwenn nan Matye chapit 24, Lik chapit 21 ansanm ak 2 Timote chapit 3. Lè yon doktè ap konsilte yon pasyan, tout sa pasyan an santi yo, lè doktè a mete yo ansanm, ka pèmèt li rive wè egzakteman ki maladi pasyan an genyen. Se menm jan an tou, lè m te met tout evènman yo pale nan pwofesi yo ansanm, sa te ede m wè n ap viv nan epòk Bib la rele “dènye jou yo” *. Se pa ti sezi m te sezi! Pwofesi sa yo t ap akonpli devan je m nan la a.

M te sèten sa m t ap aprann nan se laverite. Mwen te kòmanse priye Jewova Dye e mwen te kite fimen, alòske m te fimen anpil pandan plis pase dizan. M te kontinye etidye Labib pandan anviwon ennan. Nan dat ki te 27 avril 1986, m te batize an kachèt nan yon benywa paske yo te entèdi aktivite Temwen Jewova yo ann Almay delès.

MWEN EDE LÒT MOUN

Akoz entèdiksyon an, nou te fè plizyè ti gwoup pou nou reyini e nou te konn reyini nan mezon prive. Se kèk Temwen Jewova mwen te konnen sèlman. Alòske m pa t menm espere sa, otorite yo te pèmèt mwen vwayaje al ann Almay delwès. Aktivite Temwen Jewova yo pa t anba entèdiksyon nan zòn sa a. Se premye fwa nan vi m mwen te gen posiblite asiste kongrè ki baze sou Bib la epi wè plizyè milye frè ak sè. Se te yon eksperyans san parèy!

Apre mi yo te rele Miray Bèlen an te tonbe, yo te leve entèdiksyon an sou aktivite Temwen Jewova yo. Finalman, nou te kapab adore Jewova Dye lib e libè. Mwen te vle preche plis, sepandan, mwen te pè abòde moun mwen pa t konnen. Mwen te santi m pi ba pase lòt moun akoz andikap mwen te genyen an e akoz mwen te pase pifò nan anfans mwen nan yon kote yo te fè espesyalman pou moun ki andikape. Men, nan ane 1992, mwen te eseye preche pandan 60 èdtan nan yon mwa. Sa te mache e mwen te kontan anpil. Donk, mwen te deside fè sa chak mwa e mwen te rive fè sa pandan anviwon twazan.

Mwen pa janm bliye pawòl nan Bib la ki di: “Kiyès ki fèb pou m pa santi m fèb?” (2 Korentyen 11:29). Malgre andikap mwen yo, mwen toujou gen yon sèvo e m ka pale. Se sa k fè mwen eseye fè tout sa m kapab pou m ede lòt moun malgre andikap mwen genyen an. Piske m pa gen bra, mwen kapab mete m nan plas moun ki limite yo san pwoblèm. Mwen ka konprann jan yon moun santi l lè l vrèman anvi fè yon bagay li jis pa kapab fè. Mwen eseye ankouraje moun ki santi yo konsa. Lè m ede lòt moun nan sans sa a, sa fè kè m kontan.

Lè m ap pataje bon nouvèl la ak lòt moun, sa fè kè m kontan.

JEWOVA EDE M CHAK JOU

Sepandan, mwen dwe admèt, pafwa mwen konn santi moral mwen ba. Sèl sa m anvi, se pou m nòmal tankou tout gason. Mwen rive fè anpil aktivite chak jou, men, sa mande m plis tan ak enèji lontan pou m rive fè yo. Men ki pawòl ki motive m chak jou: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” (Filipyen 4:13). Se chak jou Jewova ban m fòs pou m rive fè aktivite “nòmal” moun abitye fè. Mwen vin aprann Jewova pa t janm lage m. Se poutèt sa mwen pa vle janm lage l.

Jewova fè m kado yon fanmi, egzakteman sa m te manke lè m te timoun ak lè m te adolesan. M gen yon bon madanm ki rele Elke. Madanm mwen renmen moun e l gen konpasyon pou moun. Anplis de sa, m gen plizyè milyon frè ak sè nan domèn espirityèl, se plizyè milyon Temwen Jewova ki sou tout tè a.

Mwen menm ak Elke, madanm mwen m renmen anpil la.

Yon lòt bagay ki ankouraje m ankò se pwomès Bondye fè konsènan Paradi a, kote l pral fè tout bagay “vin tounèf”, ata bra m yo (Revelasyon 21:5). Mwen pi byen konprann pwomès sa a lè m medite sou sa Jezi te fè lè l te sou tè a. Pa egzanp, li te geri men moun ki pòk e li te menm geri zòrèy yon mesye yo te koupe (Matye 12:13; Lik 22:50, 51). Pwomès Jewova yo ansanm ak mirak Jezi yo ban m konviksyon m ap yon gason total talè konsa.

Sepandan, pi gwo benediksyon m jwenn se aprann konnen Jewova Dye. Jewova vin tounen yon papa ak yon zanmi pou mwen, li se Sila a ki ban m rekonfò ak fòs la. M santi m tankou wa David ki te di: “Jewova se fòs mwen [...]. Li ede m e sa fè kè m kontan anpil.” (Sòm 28:7). Mwen vle kenbe bèl verite sa a pandan tout vi m, e mwen menm rive kenbe l aktout mwen pa gen ni men ni bra.

^ § 17 Pou w jwenn plis enfòmasyon anrapò ak dènye jou yo, gade chapit 9 ki gen tit: “Èske lafendimonn toupre?” nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a e li disponib sou sit www.mr1310.com/ht.