Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chwa m te fè lè m te timoun

Chwa m te fè lè m te timoun

Lè m te timoun.

Nan ane 1985, mwen te gen dizan sèlman lè te gen timoun ki te sot nan peyi Kanbòj ki te vin nan lekòl mwen te ye a ki te nan Columbus, Ohio, Ozetazini. Gen youn nan tigason yo ki te konnen kèk mo anglè. Grasa kèk foto, li te kòmanse rakonte m yon seri istwa terib kote moun ap tòtire moun, moun ap touye moun ak moun k ap bat pou yo chape. Mwen te konn kriye leswa lè m t ap panse ak timoun sa yo. Mwen te anvi pale avèk yo konsènan espwa Paradi a ansanm ak rezirèksyon an, men, yo pa t konprann lang mwen pale a. Byenke m te yon tigason, mwen te deside aprann lang kanbodjyen yon fason pou m te ka pale ak kamarad mwen yo konsènan Jewova. Mwen pa t rann mwen kont jis nan ki pwen chwa sa a t apral gen efè sou avni m.

Li pa t fasil pou m aprann lang kanbodjyen. Pandan de fwa, mwen te anvi kite sa, men, Jewova te sèvi ak paran m pou l ban m ankourajman. Rive yon lè, pwofesè lekòl mwen yo ansanm ak elèv yo te kòmanse ap ankouraje m pou m pousuiv yon karyè ki t ap pèmèt mwen fè anpil lajan. Sepandan, mwen te vle vin pyonye pèmanan, se sa k fè, nan lekòl mwen, mwen te chwazi suiv kou ki t ap pèmèt mwen jwenn yon travay amitan yon fason pou m te kapab atenn objektif mwen. Lè lekòl lage, mwen te gen abitid pran randevou ak kèk pyonye epi al preche ansanm ak yo. Mwen te konn anseye etidyan ki te vle aprann pale anglè. Mwen te konn fè sa gratis e chwa sa a te fè m jwenn anpil byenfè annapre.

Lè m te gen 16 an, mwen te aprann gen yon gwoup kanbodjyen ki te Long Beach, nan Kalifòni, Ozetazini. Mwen t al vizite gwoup sa a, e se la mwen te aprann li lang kanbodjyen. Tousuit apre m fin gradye lekòl, mwen te pran sèvis pyonye e m te kontinye preche Kanbodjyen ki te abite toupre lakay mwen yo. Lè m te gen 18 an, mwen te deja ap reflechi sou posiblite pou m al viv nan peyi Kanbòj. Peyi sa a te danjere toujou, men, mwen te konnen se kèk moun sèlman nan dis milyon moun k ap viv nan peyi Kanbòj ki te tande bon nouvèl Wayòm nan. Nan epòk sa a, te gen yon sèl kongregasyon ki te gen sèlman 13 pwoklamatè pou tout peyi a. Premye fwa mwen te vizite peyi Kanbòj mwen te gen 19 an. Dezan apre, mwen te deside al viv nan peyi sa a. Mwen te jwenn yon travay tradiksyon amitan epi m te konn anseye lòt moun anglè pou m te ka rive pran swen tèt mwen. Rive yon lè, mwen marye ak yon sè ki te gen menm objektif avè m. Mwen menm ak madanm mwen pran plezi ede anpil moun k ap viv nan peyi Kanbòj vwe lavi yo bay Bondye.

Jewova ban mwen ‘tout sa kè m mande’. (Sòm 37:4, NW.) Fè disip se travay ki bay plis satisfaksyon pase nenpòt lòt travay yon moun ka fè. Pandan 16 an mwen pase nan peyi Kanbòj la, ti gwoup ki te gen 13 Temwen Jewova a te vin bay 12 kongregasyon ak kat gwoup ki nan tèritwa izole! — Dapre Jason Blackwell.