Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Mwen pa panse m dwe chanje monn nan ankò”

“Mwen pa panse m dwe chanje monn nan ankò”
  • ANE LI FÈT: 1966

  • PEYI KOTE L SOTI: FENLANN

  • ANVAN: MILITAN NAN DOMÈN SOSYAL

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen renmen lanati depi lè m timoun. Byen souvan, fanmi m te konn vwayaje al nan bèl forè e y al bò bèl lak ki gen toupatou nan vil Jivaskila, ki nan sant Fenlann, peyi kote nou moun nan. Mwen renmen bèt yo tou. Lè m te timoun, m te toujou vle anbrase tout chat ak tout chen mwen te wè. Toutpandan m ap grandi, fason moun yo maltrete bèt yo te ban m pwoblèm. Avèk letan, m te vin fè pati yon òganizasyon k ap defann dwa zannimo, kote m te rankontre lòt moun ki panse menm jan avè m.

Nou te konn fè gwo kanpay pou moun respekte dwa zannimo yo. Nou te distribye enfòmasyon, nou òganize mach, nou fè manifestasyon ni kont magazen ki vann bagay yo fè ak plim bèt oubyen ak po bèt ni kont laboratwa ki sèvi ak zannimo pou yo fè eksperyans e pou yo teste medikaman oswa lòt pwodui. Nou te menm fòme yon nouvo òganizasyon pou n pwoteje zannimo yo. Souvan, nou te konn gen pwoblèm ak otorite yo paske nou konn sèvi ak metòd revolisyonè pou koz n ap defann nan ka reyisi. Yo te arete m plizyè fwa e yo te voye m nan tribinal.

Nonsèlman m te gen sousi pou bèt yo, men tou m te boulvèse akoz lòt pwoblèm ki gen nan monn nan. Finalman, mwen te antre nan yon pakèt òganizasyon. Pami yo gen Amnisti entènasyonal ak Grinpis (Greenpeace). M te soutni aktivite òganizasyon sa yo te genyen ak tout fòs mwen. Mwen te konn defann dwa moun ki malere yo, moun ki nan grangou yo ak moun ki defavorize yo.

Sepandan, tikras pa tikras, mwen te rann mwen kont mwen pap ka chanje monn nan vre. Menmsi òganizasyon sa yo rive jwenn solisyon pou kèk ti pwoblèm, sanble gwo pwoblèm yo vin pi mal chak jou. Se tankou fòs mal la anvayi tout monn nan nèt epi tout moun bay vag, pa gen okenn moun ki bay anyen regle anyen pou yo. Mwen te vin santi de bra m kase.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Etandone mwen te santi m tris paske m pa t ka fè anyen, m te kòmanse panse ak Bondye  e m te kòmanse reflechi sou Labib. M te konn etidye Labib ak Temwen Jewova yo lontan. Malgre m te apresye Temwen Jewova yo paske yo janti e yo te montre yo enterese nan mwen, m pa t prè pou m chanje fason m t ap viv la. Fwa sa a, bagay yo pa menm.

Mwen pran bib mwen e m kòmanse li l. Sa m te li nan Bib la te rekonfòte m. Mwen te wè plizyè vèsè nan Bib la ki mande pou nou byen trete zannimo yo. Pa egzanp, Pwovèb 12:10 di: “Moun ki mache dwat okipe ata zannimo nan lakou yo.” Mete sou sa, m rive konprann se pa Bondye ki fè gen pwoblèm nan monn nan. Okontrè, pwoblèm yo vin pi mal chak jou paske moun yo pa suiv direksyon Bondye bay. M te vrèman enpresyone lè m te aprann jan Jewova gen lanmou e li gen pasyans. — Sòm 103:8-14.

Nan epòk sa a, mwen te jwenn yon koupon nan yon piblikasyon Temwen yo, e yo te mande moun ki vle jwenn liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a pou yo voye koupon an nan youn nan adrès yo te bay yo. Mwen te voye l ale. Yon ti tan apre, de Temwen Jewova, yon mari ak madanm li, te vin lakay mwen e yo te ofri m yon etid. M te aksepte. M te kòmanse asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan tou. Sa te fè verite ki nan Bib la kòmanse pran rasin nan kè m.

Grasa Labib, m te rive fè anpil chanjman nan lavi m. M te kite fimen, m te sispann bwè anpil. M te chanje fason m abiye, fason m fè cheve m, fason m pale. E m te chanje atitid mwen te genyen anvè otorite yo (Women 13:1). Anplis de sa, mwen te kite vi mwen t ap mennen an ki te vrèman imoral e ki te twò liberal.

Chanjman ki te pi difisil pou m fè se vin gen pwennvi ki kòrèk sou òganizasyon k ap defann dwa moun ak dwa bèt yo. Sa pa t rive fèt yon sèl kou. Pou kòmanse, m te panse m t ap yon trèt si m te kite òganizasyon sa yo. Men, m te vin konprann se Wayòm Bondye a ki sèl vrè espwa pou monn nan. M te deside itilize tout fòs mwen pou m soutni Wayòm sa a e pou m ede lòt moun aprann konnen l. — Matye 6:33.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Antanke militan, nan tèt mwen, mwen te divize moun yo an de gwoup, youn gen bon moun, lòt la gen move moun. E m te prèt pou m aji kont moun m te konsidere kòm move moun yo. Men grasa Bib la, m pa gen lahèn konsa pou lòt moun ankò. Okontrè, m fè efò pou m gen vrè lanmou an pou tout moun (Matye 5:44). Youn nan fason m demontre lanmou sa a, se lè m fè lòt moun konnen bon nouvèl sou Wayòm Bondye a. M kontan wè jan travay sa a ede moun viv nan lapè ak kè kontan e li pote vrè espwa pou yo.

Mwen vin gen lapè nan lespri m, lè m aprann kite bagay yo nan men Jewova. Mwen kwè, antanke Kreyatè, Bondye pap kite yo maltrete ni moun ni bèt pou tout tan. Ni li pap kite yo detwi bèl tè nou an. Okontrè, grasa Wayòm li an, talè konsa li pral repare tout dega (Izayi 11:1-9). Nonsèlman m jwenn gwo lajwa lè m konnen verite sa yo, men tou m gen kè kontan lè m ede lòt moun mete lafwa nan yo. Mwen pa panse m dwe chanje monn nan ankò.