Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Èske Bib la se Pawòl Bondye vre?

Pou ou menm, Pawòl Bondye a ta dwe yon liv ki san parèy, e se sa Bib la ye. Yo enprime plizyè milya bib nan plizyè santèn lang. Sajès ki gen nan Bib la gen pouvwa pou l chanje moun e pou l fè yo vin pi bon. — Li 1 Tesalonisyen 2:13; 2 Timote 3:16.

Nou konnen Bib la se Pawòl Bondye paske Bib la predi lavni yon fason ki egzak. Pa gen okenn moun ki ka fè sa poukont li. Pa egzanp, ann konsidere liv Izayi a. Yo te jwenn yon kopi liv sa a nan yon gwòt toupre lanmè Sale. Yo te fè kopi sa a plis pase yon syèk anvan Jezi te fèt sou tè a. Nan kopi sa a, yo fè konnen pa t ap gen moun ki t ap abite nan vil Babilòn ankò. Sa te rive anpil ane apre ministè Jezi sou tè a. — Li Izayi 13:19, 20; 2 Pyè 1:20, 21.

Ki fason yo te ekri Bib la?

Yo te ekri Bib la sou yon peryòd ki dire plis pase 1 600 ane. Gen anviwon 40 moun ki te ekri Bib la. Tout moun sa yo te suiv yon sèl tèm e youn pa t kontredi lòt. Kòman sa te fè posib? Se paske se Bondye ki t ap gide yo lè yo t ap ekri Bib la. — Li 2 Samyèl 23:2.

Pafwa, Bondye te sèvi ak zanj, vizyon oswa rèv pou l pale ak moun ki t ap ekri Bib la. An jeneral, Bondye te met panse l nan lespri ekriven an, epi li te pèmèt ekriven an chwazi pwòp mo pa l pou l transmèt mesaj la. — Li Revelasyon 1:1; 21:3-5.