Al gade sa k anndan l

4 SEPTANM 2023
BOUWOUNDI

Edisyon revize Labib – Tradiksyon monn nouvo a parèt nan lang kiwoundi

Edisyon revize Labib – Tradiksyon monn nouvo a parèt nan lang kiwoundi

Nan dat ki te 25 out 2023, frè Kenneth Cook, Jr., yon manm Kolèj santral la, te fè konnen edisyon revize Labib – Tradiksyon monn nouvo a parèt nan lang kiwoundi nan kongrè rejyonal “Montre nou gen pasyans”! lan ki te fèt nan Boujoumboura, Bouwoundi. Yo te retransmèt pwogram nan an dirèk nan 11 lokal ki sou tèritwa filyal la. Te gen 15 084 moun ki te asiste pwogram nan. Yo te ba yo Bib la sou fòma enprime. Gen yon vèsyon elektwonik ki disponib tou pou telechaje.

Gen anviwon 13 milyon moun nan Bouwoundi ki pale kiwoundi. Se te an 1969 yo te fòme premye kongregasyon nan lang kiwoundi. Temwen Jewova yo te kòmanse tradui piblikasyon nan lang kiwoundi nan ane 1985. Jodi a, gen plis pase16 900 frè ak sè k ap sèvi nan 350 kongregasyon nan lang kiwoundi nan peyi Bouwoundi. An 2007, frè ak sè ki pale lang kiwoundi te kontan resevwa Tradiksyon monn nouvo a – Liv ki te ekri an grèk yo. Kounye a, se pa ti kontan yo kontan resevwa edisyon revize Labib – Tradiksyon monn nouvo a okonplè.

Nan lang kiwoundi, yo mete “bonte estrawòdinè” pou tradui favè san parèy Jewova a. Konsa, yo mete aksan sou jan Sila a k ap bay la donan. Nou rejwi ak frè ak sè nou yo ki pale lang kiwoundi ak anpil lòt moun ki pral jwenn byenfè paske Jewova montre “bonte estrawòdinè” li lefètke li ba yo edisyon revize Labib – Tradiksyon monn nouvo a nan lang kiwoundi. — Tit 2:11.