Al gade sa k anndan l

Palè jistis nan vil Wòm, kote Lakou siprèm nan fonksyone.

9 FEVRIYE 2021
ITALI

Lakou siprèm peyi Itali pran desizyon an favè Temwen Jewova yo nan yon ka ki enplike tretman medikal

Lakou siprèm peyi Itali pran desizyon an favè Temwen Jewova yo nan yon ka ki enplike tretman medikal

Lakou siprèm peyi Itali pran desizyon an favè Temwen Jewova yo anrapò ak dwa pasyan yo genyen pou yo deside ki tretman medikal y ap aksepte. Nan dat 23 desanm 2020 an, Lakou siprèm nan te fè konnen tout pasyan yo gen dwa pou yo deside ki tretman medikal y ap aksepte, sa ki gen ladan l dwa pou yo chwazi yon tretman medikal ki pa vyole kwayans relijye yo genyen.

Ka a te konsène yon bagay tris ki te rive an 2005, kote yon seri doktè te vyole dwa youn nan sè nou yo. Anvan yo te fè sè a operasyon, sè a te esplike yo byen klè li pap pran san, e l te ba yo kat Instructions médicales (DPA) li ki di li pap pran san. Men, doktè yo pa t suiv sa l te di yo, yo te ba l san plizyè fwa.

Lakou siprèm nan te rekonèt lè moun nan refize pran san “se pa jis yon desizyon pèsonèl li pran nan domèn medikal, men, se yon desizyon li pran sou baz kwayans relijye li genyen”. Lakou siprèm nan defini dwa sa a moun nan genyen an kòm “yon dwa sakre, yon dwa Konstitisyon peyi a pwoteje ‘nan pi wo nivo’”.

Desizyon sa a se dizyèm viktwa Temwen Jewova yo ranpòte youn dèyè lòt devan Lakou siprèm peyi Itali soti 2015 rive jounen jodi a. Nan chak ka yo, Lakou siprèm nan te konfime kèk aspè enpòtan nan libète relijyon nou genyen an. Ka yo te konsène pwen sa yo:

  • Refize pran san: Temwen Jewova yo vle pi bon swen medikal ki disponib yo, e yo aksepte pifò tretman medikal ki genyen. Tribinal yo konfime pasyan Temwen yo gen libète pou yo chwazi tretman medikal ki ann amoni ak kwayans yo genyen ki baze sou Bib la. Doktè yo dwe respekte desizyon yon pasyan pran pou l pa pran san. Se yon dwa legal pasyan an genyen pou l pran yon desizyon konsa sou baz kwayans relijye li genyen.

  • Dwa sou timoun yo: Paran ki Temwen yo gen menm dwa ak paran ki pa Temwen yo, yo ka pataje kwayans yo ak pitit yo.

  • Eskominikasyon: Temwen Jewova yo pa trete moun ki eskominye yo yan fason ki enjis. Temwen yo gen dwa pou yo pa frekante moun yo eskominye nan kongregasyon an e lòt moun dwe respekte dwa sa a yo genyen an.

  • Taks: Temwen Jewova yo peye taks yo e yo gen menm dwa ak lòt òganizasyon relijye ann Itali yo nan sa ki konsène taks ak franchiz.

Sa ankouraje nou lè otorite yo pran desizyon ki pwoteje dwa pèp Jewova a genyen pou yo adore l lib e libè. — Pwovèb 21:1.