Al gade sa k anndan l

28 OUT 2020
KORE DISID

Pi gwo sezon lapli ki pase nan Kore disid e ki fè anpil dega

Pi gwo sezon lapli ki pase nan Kore disid e ki fè anpil dega

Ki kote

Kore disid

Katastwòf

  • Se premye fwa yon sezon lapli dire tout tan sa a nan Kore.

  • Lapli a ki pa sispann tonbe lakòz inondasyon ak glisman tèren ki fè gwo dega.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Gen 16 pwoklamatè ki te oblije kite kay yo pou yon ti tan.

Dega

  • Gen 30 kay ki andomaje.

  • Gen 19 Sal Wayòm ki andomaje.

Travay pote sekou

  • Filyal Kore a mete twa Komite sekou sou pye.

  • Komite sa yo ansanm ak siveyan sikonskripsyon nan sikonskripsyon ki afekte yo ap travay ansanm ak ansyen nan kongregasyon yo pou yo ede frè ak sè nou yo.

  • Gen travay netwayaj ak reparasyon k ap fèt nan kay ak Sal Wayòm ki andomaje yo.

Eksperyans

  • Nan vil Gurye, youn nan zòn ki gen plis dega, frè Min-seong Lee ak madanm li te oblije kite kay yo ak tout sa yo posede dèyè. Kay yo te inonde nèt. Yonfwa travay sekou a te kapab kòmanse nan zòn nan, frè k ap travay nan komite sekou yo te netwaye kay frè ak sè Lee e yo te ba yo tout sa yo te bezwen. Frè sa yo te ede koup la jwenn konsolasyon tou nan domèn espirityèl, yo te li kèk vèsè avèk yo. Men sa sè Lee di anrapò ak èd li menm ak mari l te jwenn: “Mwen vrèman apresye èd yo te ban nou. Tout sa yo te fè te estrawòdinè. Yo te pran swen tout bagay kòmsi se te pwòp kay pa yo. Se vre mwen pèdi anpil bagay, men anfèt se kòmsi m vin jwenn plis bagay pase sa m te pèdi.”

Nou gen Jewova, “Bondye tout konsolasyon an”, anpil rekonesans dèske l kontinye pran swen frè ak sè yo nan Kore pandan tan difisil sa yo. — 2 Korentyen 1:3, 4.