Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI | FASON POU N LEVE PITIT NOU

Ki jan w ka vin yon bon papa?

Ki jan w ka vin yon bon papa?

 Ki wòl yon papa?

  •   Anvan pitit ou a fèt. Kalite mari ou ye kounye a ap montre ki kalite papa ou pral ye pi devan. Men sa yon liv ki pale de papa di:

     “Yon papa ki ede madanm li ki ansent al achte sa l bezwen, ki mennen l al wè doktè, ki wè timoun nan lè y ap fè sonografi pou li oubyen ki tande kè l k ap bat, ap pi fasil ede madanm li epi pran swen tibebe a lè l fin fèt.” — Do Fathers Matter?

     “M pa t vle pou madanm mwen te santi l poukont li nan preparasyon l t ap fè pandan l ansent lan. Se sa k fè m te ede l jan m te kapab. Nou te menm travay ansanm pou n prepare chanm tibebe a. Moman kote n t ap prepare pou tibebe ki pral fèt la, se te yon moman espesyal pou nou toulede.” — James.

     Prensip Bib la bay: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” — Filipyen 2:4.

  •   Lè pitit ou a fin fèt. Ou kapab vin atache avèk pitit ou lè w pran tan pou w jwe avè l e pou w kenbe l nan bra w. Patisipe nan pran swen pitit ou tou. Lè w ede nan pran swen tibebe a, sa ka gen yon gwo efè sou devlopman l. Atachman nou vin genyen an montre ki jan pitit ou a gen anpil valè pou ou.

     “Mete w nan menm nivo avèk pitit ou. Jwe avè l. Fè ti komik pou li. Pa pran tèt ou twò oserye. Sonje, se nan men paran l yon timoun premye aprann ki sa lanmou ye.” — Richard.

     Prensip Bib la bay: “Pitit se eritaj Jewova bay. Pitit se yon rekonpans.” — Sòm 127:3, nòt.

  •   Toutpandan pitit ou ap grandi. Rechèch yo montre lè timoun yo alèz ak paran yo, yo travay pi byen lekòl, yo gen mwens pwoblèm afektif, yo pa fasil tonbe nan dwòg oubyen nan fè move zak. Donk, pran tout tan ki nesesè pou w ka gen bon relasyon ak pitit ou.

     “Pitit gason m nan te di m lè l kite kay la youn nan bagay l ap sonje anpil se bon konvèsasyon nou konn genyen lè n ap kondui oubyen lè n ap manje. Kèk nan pi bèl konvèsasyon sa yo te rive nan moman m pa t ap atann. Men nou te konn gen posiblite sa yo paske nou te konn pase anpil tan ansanm.” — Dennis.

     Prensip Bib la bay: “Byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj, men pou nou mache tankou moun ki saj. Se pou nou byen sèvi ak tan nou.” — Efezyen 5:15, 16.

 Nan ki sans yon papa jwe yon wòl ki san parèy?

 Jeneralman, yo konnen papa yo travay pou fè moun nan fanmi yo jwenn sa yo bezwen epi pou pwoteje yo, tandiske manman yo plis konsantre yo sou pran swen fanmi an nan domèn afektif (Detewonòm 1:31; Ezayi 49:15). Nan kèk fanmi, bagay yo pa toujou egzakteman konsa. Men, moun k ap fè rechèch yo di ni papa ni manman jwe yon wòl enpòtan pou fanmi yo a.

 Men sa Judith Wallerstein, yon moun k ap fè rechèch sou fanmi, rakonte sou eksperyans li te fè: “Lè yon machin te frape pitit fi m nan ki gen douz an, li te vle se papa l ki te pou bò kote l nan anbilans lan paske l te gen plis konfyans nan kapasite papa l genyen pou fè fas ak sitiyasyon sa a. Men, kèk tan apre, nan lopital la, se mwen li te vle ki rete bò kote l pandan tout jounen an, pou rekonfòte l.” b

 “Yon papa travay pou moun nan fanmi l ka gen kè kontan e pou l ka pwoteje yo, men travay sa a t ap difisil pou yon manman fè poukont li. Anmenmtan tou, yon manman ka fè pitit li santi li renmen yo, li konprann yo lè li mete l nan plas yo e l pran tan pou l tande yo. Yo de a fòme yon ekip, yo travay ansanm.” — Daniel.

 Prensip Bib la bay: “Pitit mwen, koute papa w lè l ap ba w disiplin, e pa bliye lòd manman w ba ou.” — Pwovèb 1:8.

 Papa ak pitit fi

 Antanke papa, w ap aprann pitit fi w ki jan yon gason dwe trete l. Li pral aprann leson sa a nan de fason ki vin annapre yo:

  •   Lè l wè ki jan ou trete manman l. Lè ou renmen madanm ou e w respekte l, pitit fi w ap wè bèl kalite li dwe chèche lakay yon gason pi devan lè l pral deside marye. — 1 Pyè 3:7.

  •   Lè l wè ki jan w trete l. Lè w respekte pitit fi w, ou aprann li fason pou l respekte tèt li. Mete sou sa, li aprann ki jan lòt gason ta dwe boule avè l.

     Men, lè w toujou ap kritike l, sa ap fè l pa bay tèt li valè e li pral chèche pou lòt gason ba l valè. Men, lòt gason sa yo gendwa pa enterese avè l toutbon.

     “Lè yon papa renmen pitit fi l e li pran swen l, li pap fasil pou pitit fi sa a renmen ak yon gason ki pa gen kalite pou l vin yon bon mari.” — Wayne.

a Anpil manman rive byen leve pitit yo san yo pa gen yon mari k ap ede yo.

b Deklarasyon sa a soti nan liv The Unexpected Legacy of Divorce.