Al gade sa k anndan l

Ki sa ki siy “dènye jou yo” oswa “tan lafen an”?

Ki sa ki siy “dènye jou yo” oswa “tan lafen an”?

Repons Bib la bay

 Bib la bay detay sou yon seri evènman, yon seri kondisyon oswa mantalite ki t ap montre n ap viv nan “fen sistèm” ki la kounye a oswa “lè tan sa a va fini nèt”. (Matye 24:3; Bib la.) Bib la fè konnen epòk sa a t ap rele “dènye jou yo” oswa “tan lafen an”. — 2 Timote 3:1; Dànyèl 8:19.

Kèk pwofesi Bib la bay konsènan “dènye jou yo”?

 Bib la te anonse anpil bagay ki t apral fèt ansanm ki t ap tounen siy ki montre n ap viv nan dènye jou yo (Lik 21:7). Ann gade kèk egzanp:

 Lagè toupatou sou tè a. Men sa Jezi te anonse: “Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm.” ​(Matye 24:7). Menm jan an tou, Revelasyon 6:4 te anonse gen yon moun ki t ap chita sou yon cheval, ki se yon senbòl ki reprezante lagè, ki t ap “retire lapè sou tè a”.

 Rate manje. Men sa Jezi te anonse: “Pral gen rate manje.” ​(Matye 24:7). Liv Revelasyon an te anonse t ap gen yon lòt moun sou yon cheval ki se yon senbòl, e pasaj li t ap lakòz gen gwo grangou. — Revelasyon 6:5, 6.

 Gwo tranblemanntè. Jezi te di t ap gen “tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt”. (Matye 24:7; Lik 21:11.) Gwo tranblemanntè sa yo ki t apral fèt toupatou sou tè a t ap lakòz anpil moun soufri e anpil moun t apral mouri nan yon nivo sa potko janm fèt anvan sa.

 Maladi. Selon Jezi, t apral gen gwo maladi oswa “epidemi”. — Lik 21:11.

 Krim. Byenke depi plizyè syèk te toujou gen move bagay k ap fèt, Jezi te predi nan dènye jou yo t ap gen “mechanste k ap ogmante”. — Matye 24:12.

 Moun t ap detwi tè a. Revelasyon 11:18 te anonse lèzòm t ap “detwi tè a”. Yo t ap fè sa divès fason, nonsèlman pa mwayen vyolans ak move zak, men tou lè yo maltrete anviwònman an.

 Moun yo t ap aji pi mal toujou. Nan 2 Timote 3:1-4, Bib la te anonse moun yo an jeneral ‘t ap engra, yo pa t ap fidèl, […] yo pa t ap dispoze antann yo, yo t ap pale moun mal, yo t ap san metriz, yo t ap sovaj, yo pa t ap renmen sa ki byen, yo t ap trèt, yo t ap gen tèt di, yo t ap gonfle ak ògèy’. Mantalite moun yo t ap vin tèlman pa bon, se avèk rezon yo t ap ka rele epòk sa a ‘tan ki di, e ki difisil pou moun sipòte’.

 Fanmi yo pa t ap pwòch youn lòt. Nan 2 Timote 3:2, 3, Bib la te anonse anpil moun pa t ap “gen afeksyon pou moun” nan fanmi yo, e timoun yo t ap “dezobeyi paran yo”.

 Moun yo t ap vin gen mwens lanmou pou Bondye. Men sa Jezi te anonse: “Lanmou pifò moun ap vin rafredi.” ​(Matye 24:12). Jezi te vle di pifò moun t ap vin gen mwens lanmou pou Bondye. Menm jan an tou, 2 Timote 3:4 di, nan dènye jou yo, moun sa yo t ap “renmen plezi olye yo renmen Bondye”.

 Ipokrizi nan relijyon. Nan 2 Timote 3:5, Bib la te anonse moun yo t ap swadizan adore Bondye, men yo pa t ap viv selon prensip li yo.

 Y ap pi byen konprann pwofesi ki nan Bib la. Liv Dànyèl la te anonse nan “tan lafen an”, anpil moun t ap vin pi byen konprann verite ki nan Bib la, sa gen ladan l konesans egzak sou pwofesi yo. — Dànyèl 12:4.

 Yo t ap preche toupatou sou tè a. Men sa Jezi te anonse: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a.” — Matye 24:14.

 Moun yo t ap endiferan e yo t ap pase moun nan rizib. Jezi te anonse moun yo an jeneral t ap fè kòmsi yo pa wè prèv ki montre lafen an ap rive a (Matye 24:37-39). Mete sou sa, 2 Pyè 3:3, 4 te anonse gen moun ki pa t ap aksepte prèv sa yo, yo pa t ap ba yo valè e yo t ap pase sa nan rizib.

 Tout pwofesi yo ap akonpli. Jezi te di nan dènye jou yo, tout pwofesi sa yo t apral akonpli ansanm, se pa kèk nan yo ni menm pifò nan yo, men se yo tout ki t ap akonpli. — Matye 24:33.

Èske n ap viv nan “dènye jou yo”?

 Wi. Sa nou wè k ap pase nan monn nan, ansanm ak fason nou kalkile tan yo selon sa Bib la di, fè nou wè dènye jou yo te kòmanse an 1914, nan ane Premye Gè mondyal la te kòmanse a. Pou w kapab wè fason sa k ap pase nan monn nan montre n ap viv nan dènye jou yo, gade videyo ki vin apre a:

 Se nan ane 1914 Wayòm Bondye a te kòmanse dirije nan syèl la, e youn nan premye bagay li te fè se mete Satan Ledyab ak demon yo deyò nan syèl la epi limite yo yon fason pou se sou tè a sèlman yo kapab fè sa yo vle (Revelasyon 12:7-12). Nou kapab wè fason Satan enfliyanse lèzòm nan plizyè nan move mantalite ak move aksyon yo demontre ki vin lakòz dènye jou yo se ‘tan ki di, ki difisil pou moun sipòte’. — 2 Timote 3:1.

 Gen anpil moun ki twouble akoz tan difisil sa yo. Yo enkyè paske yo wè moun pa ka viv ak moun ankò. Gen nan yo ki pè pou lèzòm pa tou disparèt nèt.

 Sepandan, gen lòt moun ki gen espwa, malgre yo twouble tou akoz sa k ap pase nan monn nan. Yo gen konviksyon Wayòm Bondye a pral aji talè konsa pou l retire tout pwoblèm ki gen nan monn nan (Dànyèl 2:44; Revelasyon 21:3, 4). Y ap tann avèk pasyans pou Bondye akonpli pwomès li yo, e yo jwenn rekonfò nan pawòl sa yo Jezi te di: “Moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove.” — Matye 24:13; Miche 7:7.