Al gade sa k anndan l

Èske demon yo egziste toutbonvre?

Èske demon yo egziste toutbonvre?

Repons Bib la bay

 Wi. Demon yo se “zanj ki te peche yo”, sa vle di zanj ki te vire do bay Bondye yo (2 Pyè 2:4). Satan se te premye zanj ki te vin fè tèt li tounen yon demon, li se sila a Labib rele “chèf demon yo.” — Matye 12:24, 26.

Rebelyon nan epòk Noye a

 Labib fè konnen gen zanj ki te vire do bay Bondye anvan delij ki te fèt nan epòk Noye a. Men sa l di: “Gen yon seri pitit vrè Dye a ki te kòmanse wè pitit fi lèzòm yo bèl. Konsa, yo te kòmanse chwazi tout fi yo te vle pou vin madanm yo.” (Jenèz 6:2). Zanj mechan sa yo te “abandone kote yo te fèt pou yo rete a”, sa vle di nan syèl la, e yo te pran fòm kò moun pou yo te ka fè sèks ak medam yo sou tè a. — Jid 6.

 Lè Delij nan epòk Noye a te rive, zanj rebèl yo te abandone kò moun yo te genyen yo pou yo retounen nan syèl la. Men, Bondye te mete yo deyò nan fanmi l. Nan pinisyon Bondye te bay demon yo, li te se fè yo pa janm kapab repran fòm kò moun ankò. — Efezyen 6:11, 12.