Al gade sa k anndan l

Èske Bondye dakò pou yon gason gen plizyè madanm?

Èske Bondye dakò pou yon gason gen plizyè madanm?

Repons Bib la bay

 Pandan yon tan, Bondye te kite yon gason gen plis pase yon madanm (Jenèz 4:19; 16:1-4; 29:18-29). Men, se pa Bondye ki te vin ak pratik sa a. Li te bay Adan yon sèl madanm.

 Bondye te bay Jezi otorite pou Jezi retounen ak kesyon yon sèl madanm yon sèl mari a (Jan 8:28). Lè yo te poze Jezi kesyon sou maryaj, men sa l te di: “Sila a ki te kreye lòm depi nan kòmansman an te fè ni gason ni fi, e li te di: ‘Se pou rezon sa a, yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e yo de a ap vin yon sèl chè’.” — Matye 19:4, 5.

 Gen youn nan disip Jezi yo Bondye te enspire annapre ki te ekri: “Se pou chak gason gen pwòp madanm li, e se pou chak fi gen pwòp mari l.” (1 Korentyen 7:2). Labib fè konnen tou kèlkeswa gason nan kongregasyon an y ap bay yon responsablite espesyal, li ta dwe “gen yon sèl madanm”. — 1 Timote 3:2, 12.