Al gade sa k anndan l

Poukisa nou dwe priye nan non Jezi?

Poukisa nou dwe priye nan non Jezi?

Repons Bib la bay

 Nou dwe priye Bondye nan non Jezi paske se sèl fason Bondye aksepte pou nou pwoche bò kote l. Men sa Jezi te di: “Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a. Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” (Jan 14:6). Jezi te di apot fidèl li yo tou: “Anverite m ap di nou sa: Si nou mande Papa a yon bagay nan non mwen, l ap ban nou l.” — Jan 16:23.

Lòt rezon nou genyen pou n priye nan non Jezi

  •   Sa fè nou onore Jezi ak Papa l, Jewova Dye. — Filipyen 2:9-11.

  •   Sa montre nou konsidere lanmò Jezi kòm dispozisyon Bondye pran pou delivrans nou. — Matye 20:28; Travay 4:12.

  •   Sa montre nou rekonèt se Jezi sèl ki jwe wòl entèmedyè ant Bondye ak lèzòm. — Ebre 7:25.

  •   Sa montre nou respekte fonksyon Jezi genyen antanke Gran Prèt, li menm ki kapab ede n gen yon bon relasyon ak Bondye. — Ebre 4:14-16.