Al gade sa k anndan l

Èske Labib dakò moun divòse?

Èske Labib dakò moun divòse?

Repons Bib la bay

 Labib pa dakò moun divòse. Sepandan, Jezi te montre gen yon sèl rezon valab ki ka fè yon moun divòse, li te di: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou imoralite seksyèl [relasyon seksyèl andeyò maryaj la], e k al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè.” — Matye 19:9.

 Bondye rayi divòs moun fè ki gen trayizon ak enfidelite. Li pral jije moun ki kite konjwen yo pou ti krik ti krak, sitou si yo fè sa nan lide pou y al jwenn yon lòt moun. — Malachi 2:13-16; Mak 10:9.