Al gade sa k anndan l

Sa yo te fè lè te gen dife

Sa yo te fè lè te gen dife

Pandan Sandra t ap manje lakay bò pè l ak bèl mè l, li te wè gen flanm dife k ap soti anba pòt yon ti kay ki te menm kote yo te ye a. Sandra te rele, li te di: “Dife! Men dife!” Li menm ak mari l, Thomas, te aji byen vit. Pandan Sandra ap pran estenktè a, Thomas te kouri al gade sa k ap pase nan ti kay la. Sandra te kouri lonje estenktè a bay Thomas e Thomas te etenn dife a. Apre sa, men sa Sandra te di: “Si nou pa t aji byen vit ti kay la t ap boule nèt.”

Ki sa k fè Thomas ak Sandra pa t panike e yo te aji byen vit konsa? Yo te fè pati 1 000 moun ki t ap travay nan filyal Temwen Jewova yo nan Selters, ann Almay e yo te aprann ki sa pou yo fè lè gen dife.

Bilding ki nan Selters yo etann yo sou 30 ekta tè, e zòn ki ka pran dife yo gen ladan l biwo yo, chanm yo, kote pou yo fè lesiv, yon enprimri, ak kèk atelye. Se poutèt sa sèvis sekirite filyal la mete sou pye yon pwogram pou aprann moun yo sa pou yo fè lè gen dife. Premyèman, Ekip Sekou pou ijans lan ap fè yon antrènman avèk ponpye ki nan zòn nan. Dezyèmman, tout volontè nan filyal la toujou suiv etap sa yo:

  • Yo fè kèk seyans pratik pou si ta gen yon dife.

  • Yo patisipe nan kou sèvis sekirite a fè pou lè gen dife.

  • Yo aprann fason pou etenn yon dife lè li fèk pran.

Konsa, volontè yo konnen tout sa pou yo fè si ta gen yon dife ki eklate.

Fè kèk seyans pratik pou si ta gen yon dife

Pandan seyans pratik yo, moun k ap patisipe yo aprann ki fason pou yo etenn yon dife san yo pa met tèt yo an danje. Lè Christin te nan klas primè li te aprann sa pou l fè lè gen dife, men sa l te di konsènan seyans pratik filyal la te fè: “Mwen te pran estenktè a byen rapid, m te debloke l, epi m te pwoche bò dife a sou bò kote van an t ap soufle a. Si m pa t fè sa, flanm nan te ka boule vizaj mwen. E m te etenn dife a, poukont mwen! M te aprann tou kòman pou m etenn yon dife avèk yon ekip ki gen kat oswa senk moun.”

Daniel, k ap travay nan sèvis sekirite filyal la kòm moun kap bay fòmasyon pou lè gen dife, te di seyans pratik yo “diminye laperèz nou genyen lè gen dife”. Men sa li te esplike: “Lè gen yon dife ki eklate, moun yo gen tandans fè tèt cho. Yo pè, y ap mande tèt yo, ‘ki sa n dwe fè? Ki jan pou n itilize estenktè a?’ Men si yo konn sa pou yo fè, y ap kapab anpeche yon ti dife vin yon gwo flanm dife byen fasil.” Men sa l te di ankò: “Pandan seyans pratik yo patisipan yo aprann ki jan pou yo byen kenbe estenktè a lè gen ijans e ki jan pou yo etenn dife a. Yo vin gen konfyans nan tèt yo e yo vin gen kouraj pou yo aji byen vit lè sa nesesè.”

Seyans pratik yo bay bon rezilta

Anpil moun montre rekonesans yo pou seyans pratik yo. Men sa Christin, nou te pale de li pi wo a, te admèt: “Se premye fwa m te itilize yon estenktè. M panse tout moun ta dwe suiv yon seyans pratik konsa.” Men sa Nadja, yon volontè k ap travay amitan nan biwo filyal la e k ap travay nan yon ayewopò, te di: “Pandan dis ane ki sot pase yo, se sèlman teyori m te fè nan ayewopò kote m t ap travay la, sou fason pou m aji lè gen dife. Men, seyans pratik filyal la fè a fè m gen plis konfyans nan tèt mwen. Kounye a, si yon dife ta vin eklate, m ap konnen sa pou m fè.”

Sandra kwè se gras ak seyans pratik biwo filyal la fè yo ki fè l te ka aji rapid konsa jou l te lakay bò pè l ak bèl mè l la. Men sa l te di: “M te gen mwens laperèz pou m itilize yon estenktè.” Apre sa, li di: “Li t ap bon pou n gen yon seyans pratik chak ane. Sa te ede m anpil.”

Antrènman avèk sèvis ponpye ki nan zòn nan

Sèvis ponpye ki nan zòn nan toujou fè kèk seyans pratik ak biwo filyal la. Men sa Theo Neckermann, chèf ekip ponpye a, te di pou l esplike rezon ki fè yo fè sa: “Ponpye nou yo responsab komin Selters la ki nan yon zòn andeyò. An jeneral, se fanmi ki gen kay oswa apatman ki pran dife yo nou ede. Men, enstalasyon biwo filyal la, li menm, diferan akoz lajè teren an, gwosè batiman yo e akoz materyo yo itilize pou yo fè batiman. Donk, nou bezwen gen plis ladrès pou n ka jere lokal sa a si ta gen yon ijans. Se poutèt sa, nou vrèman kontan e rekonesan lefètke n ap fè egzèsis antrènman yo isit la.”

Plis pase 100 moun ki nan Ekip Sekou pou ijans lan te patisipe nan egzèsis antrènman an ansanm ak ponpye yo. Men sa Mesye Neckermann te di: “Nou vrèman apresye Ekip Sekou pou ijans filyal la. Si yo pa t ede nou e si yo pa t gide nou, egzèsis antrènman yo pa t ap byen reyisi konsa.”

Y ap montre danje ki genyen lè n eseye etenn luil ki pran dife avèk dlo.

Nan yon sware mwa fevriye ane 2014, sèvis ponpye a ak Ekip Sekou pou ijans lan te fè tout sa yo kapab. Tout bilding kote chanm yo ye a te ranpli ak lafimen. Men sa Daniel, nou te pale de li pi wo a, te di: “Te tèlman gen lafimen nan bilding nan, nou pa t menm ka wè men nou ki te devan vizaj nou.” E men sa li te ajoute: “Nou te kouri rele ponpye yo e nou te kòmanse fè moun yo soti, nan tout 88 apatman yo. Lè ponpye yo te rive, nou te gentan fin fè tout moun soti nan bilding yo.” Men sa Mesye Neckermann di: “M pa ka imajine, nan yon vil tankou Frankfurt, nou rive fè tout moun soti nan tout bilding sa yo nan yon tikras tan konsa. Nou se moun ki gen anpil disiplin, e Ekip Sekou pou ijans nou an vrèman estrawòdinè!” Ponpye yo te chèche wè sa ki te lakòz lafimen an e yo te retire l. Pa t gen moun ki te blese e pa t gen gwo dega ki te fèt.

Tout moun ki nan biwo filyal ki nan Selters la swete pou pa janm gen gwo dife ki eklate ankò. Men si sa ta rive, volontè yo pare pou yo fè fas ak sitiyasyon an paske yo te aprann sa pou yo fè lè gen dife.