Al gade sa k anndan l

Yo onore Temwen Jewova yo poutèt yo ede prizonye

Yo onore Temwen Jewova yo poutèt yo ede prizonye

Gen nèf Temwen Jewova ann Ostrali yo bay sètifika pou montre jan yo apresye “bèl travay” y ap fè ak prizonye ki nan youn nan pi gwo penitansye ki genyen ann Ostrali, kote yo mete imigran ki pa legal. Penitansye sa a ki te bay Temwen sa yo rekonpans sa a se yon penitansye nan Curtin ki toupre vil Derby, nan Lwès Ostrali. *

Chak semèn, Temwen sa yo vizite prizonye yo pou yo tande yo k ap rakonte istwa yo epi pataje ak yo mesaj ki nan Bib la ki bay konsolasyon ak espwa. Men sa Christopher Riddoch, ofisye ki responsab zafè relijyon ak kilti nan penitansye sa a te di: “Li pa difisil ditou pou yon moun wè efè pozitif vizit yo genyen sou prizonye yo.” Li te di prizonye yo vin gen pi bon atitid e yo vin pi kontan apre vizit sa yo paske yo gen asirans “gen moun deyò prizon an k ap panse ak yo toutbonvre”.

Selon Mesye Riddoch, sètifika yo bay Temwen sa yo se yon fason pou di yo mèsi poutèt “yo amelyore lavi moun ki sou responsablite nou”. Anplis de sa, li te di “Temwen sa yo onore fanmi yo, kongregasyon yo ak lafwa yo genyen.”

^ § 2 Lokal sa a kapab kenbe plis pase 1 500 gason anviwon.