Al gade sa k anndan l

Nou pot laviktwa sou prejije

Nou pot laviktwa sou prejije

Temwen Jewova yo kwè tout ras moun egal nan je Bondye (Travay 10:34, 35). Grasa ansèyman nou bay ki baze sou Bib la, nou eseye ede moun yo venk yon seri prejije ki lakay yo ki byen anrasinen.

Epitou, nou pa apiye okenn pwopagann moun fè paske yo rasis oswa paske yo rayi yon gwoup moun. Pa egzanp, pandan rejim Nazi a, Temwen Jewova yo nan peyi Almay te refize soutni kanpay lahèn Hitler t ap fè a. Plizyè santèn Temwen te pèdi lavi yo paske yo pa t vle soutni kanpay sa a.

Menm jan an tou, Temwen yo pa t ankouraje moun nan relijyon yo pou yo patisipe nan jenosid ki te fèt an 1994 nan peyi Wannda a. Okontrè, kèk ladan yo te riske lavi yo e gen ladan yo ki te pèdi lavi yo pandan yo t ap eseye pwoteje moun yo t ap chèche touye yo.

Piske nou vle ede tout kalite moun, nou pwodui piblikasyon ki baze sou Bib la nan anviwon 600 lang e nou distribye yo bay moun. Se sa k fè, kongregasyon nou yo gen moun “ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang”. — Revelasyon 7:9.