Al gade sa k anndan l

Premye seri foto Wòlkil (soti jiyè 2013 rive oktòb 2014)

Premye seri foto Wòlkil (soti jiyè 2013 rive oktòb 2014)

Temwen Jewova yo ap agrandi lokal yo genyen nan Wòlkil, Nouyòk la, e y ap fè renovasyon ladan l. Seri foto sa yo montre kèk travay ki te fèt soti jiyè 2013 rive oktòb 2014. Pwojè sa a sipoze fini nan vwa novanm 2015.

Yon foto ki montre lokal Wòlkil la nan dat 21 oktòb 2013.

  1. Moulen (yo retire l nan mwa janvye 2014)

  2. Ekstansyon sal pou fè lesiv/yon pyès pou dray

  3. Salamanje

  4. Rezidans E

  5. Bilding pou sèvis

  6. Enprimri

  7. Rivyè Shawangunk

12 jiyè 2013: ekstansyon sal pou fè lesiv/sal dray

Yon gri (yon gwo aparèy byen wo ki fèt pou soulve bagay ki lou) k ap leve yon mi deyò pou yo mete l nan plas li. Yo te prefabrike mi sa yo sou chantye a.

19 jiyè 2013: rezidans E

Kèk travayè k ap enstale yon bann polimè (yon materyo espesyal) ki ranfòse ak fib nan yon atant yo te prepare nan dal beton an. Yo itilize anviwon 7 600 mèt materyo fib kabòn pou ranfòse kapasite bilding nan pou l reziste kont tranblemanntè.

5 out 2013: rezidans E

Y ap repare brik ki sou deyò bilding nan.

30 out 2013: ekstansyon sal pou fè lesiv/sal dray

Y ap enstale strikti metalik pou nouvo chanm pou ekipman an.

17 septanm 2013: rezidans E

Yon espesyalis nan twati k ap koupe yon ti moso materyo.

15 oktòb 2013: rezidans E

Travayè k ap chèche si gen pòch lè dèyè yon bann materyo polimè ki ranfòse ak fib. Si yon jwenn, y ap mete plis bann toujou.

15 novanm 2013: ekstansyon sal pou fè lesiv/sal dray

Pami travay y ap fè sou twati a, y ap mete yon vantilatè ki rale lè.

9 desanm 2013: rezidans E

Y ap mete yon adezif espesyal pou konstriksyon nan yon seri ti fant ki nan dal la. Travay ki te fèt pou ranfòse bilding nan kont tranblemanntè te pran anviwon ennan edmi.

11 desanm 2013: ekstansyon sal pou fè lesiv - sal dray

Yon travayè k ap fè preparasyon pou yo enstale yon nouvo sistèm pou rale dlo sal yo monte.

10 janvye 2014: moulen

Y ap demonte yon depo pou manje angren ki te an sèvis depi ane 1960 rive nan ane 2008. Yo te vin sispann sèvi avè l lè yo te vin sispann leve poul, bèf pou bay lèt ak kochon nan Wòlkil.

22 janvye 2014: bilding pou sèvis

Y ap retire chèz yo nan oditoryòm nan pou yo fè yon renovasyon konplè.

29 janvye 2014: moulen

Yo te konn sèvi ak depo pou manje angren sa yo pou yo stoke manje bèt.

3 mas 2014: enprimri

Se nouvo lokal kote y ap met depatman pou bay fòmasyon teknik lan.

4 jiyè 2014: bilding pou sèvis

Yon travayè ki konn soude k ap ranfòse yon kolòn.

19 septanm 2014: salamanje (rezidans E)

Y ap met tapi nan zòn kote yo te konn sèvi travayè yo manje a.

22 septanm 2014: rezidans E

Y ap fè finisyon sou mi rezidans lan, nan pati nan bilding nan ki won an, nan pati ki anba nèt la.

24 septanm 2014: bilding pou sèvis

Y ap fè ferayaj pou nouvo asansè a.

2 oktòb 2014: salamanje (rezidans E)

Agrandisman yo fè nan salamanje a ap pèmèt gen plas pou 1980 chèz.

22 oktòb 2014: bilding pou sèvis

Y ap fouye pou yo agrandi baz yon poto ki deja egziste. Travay y ap fè a ap ranfòse bilding nan kont tranblemanntè.