Al gade sa k anndan l

Enfòmasyon sou vizit biwo nou yo

Nou byen kontan envite w vizite biwo nou yo ak enprimri nou yo. Chèche konn ki kote e ak ki lè vizit yo.

Tours Resumed: In many countries, we resumed tours of our branch offices on June 1, 2023. For details, contact the branch you would like to tour. Please do not visit if you test positive for COVID-19, display cold or flu-like symptoms, or have recently been exposed to someone who tested positive for COVID-19.

Ostrali

Rezèvasyon pou vizit

Èske w dwe fè rezèvasyon alavans? Wi. Pou evite gen twòp moun nan vizit la e pou tout moun ka byen pwofite vizit la, nou mande tout vizitè yo pou yo fè rezèvasyon alavans, kèlkeswa kantite moun ki nan gwoup la. Tanpri, fè rezèvasyon pou vizit ou a omwen yon semèn alavans. Si se nan yon jou konje ou vle fè vizit la, nou ankouraje w fè rezèvasyon an pi lontan alavans toujou.

Si w pa t fè rezèvasyon, èske w ap toujou kapab fè yon vizit? Si w pa t fè rezèvasyon, li posib pou w pa kapab fè vizit la. Akoz de espas la, se sèlman yon kantite moun limite ki kapab fè vizit nan jou ki gen vizit yo.

A ki lè ou dwe rive pou vizit ou a? Pou evite gen twòp moun nan espas la, tanpri, rive omwen 10 minit anvan lè rezèvasyon w lan.

Ki jan pou w fè rezèvasyon? Klike sou “Fè yon rezèvasyon.”

Èske w ka chanje yon rezèvasyon oswa w ka anile l? Wi. Klike sou “Gade oswa chanje rezèvasyon.”

E si pa gen vizit disponib nan dat ou chwazi a? Ou dwe toujou ap verifye sit la, paske anpil rezèvasyon konn chanje oswa anile.

Gade oswa chanje rezèvasyon

Vizit

12-14 Zouch Road

DENHAM COURT NSW 2565

OSTRALI

+61 2-9829-5600

Fason w ka jwenn adrès la

Kèk travay nou fè

Nou sipèvize travay ansèyman Temwen Jewova yo ap fè nan Niyou, Nouvèl Zelann, Ostrali, Samowa, Samowa ameriken, Timò oryantal, Tonga, zile Kouk yo ak zile Nòfòlk. Nou kowòdone travay tradiksyon piblikasyon ki baze sou Bib la nan 24 lang.

Ekspozisyon istorik ou ka vizite poukont ou

Yon ekspozisyon sou istwa travay predikasyon an nan zòn Ostralazi.

Telechaje yon feyè vizit