Al gade sa k anndan l

’Jewova sove lavi nou’

’Jewova sove lavi nou’

 An 2005, gen yon dam nan peyi End ki rele Sowbhagya ki te gen mari l ki mouri. Mari a te konn byen pran swen ni li menm ni pitit fi yo, Meghana, ki gen 3 an. Men, kounye a, Sowbhagya ap bat dlo pou l fè bè.

 Sa k pi rèd, moun te vin meprize Sowbhagya. Fanmi l te trete li menm ak pitit fi l la tankou mandyan, e yo te toujou ap di l li se yon chay pou yo. Sowbhagya t ap chèche rekonfò, se sa k fè l te kòmanse al nan yon legliz nan zòn nan, men moun yo te konn meprize l paske l pòv. Sowbhagya te kòmanse chèche yon travay, yon fason pou l te ka gen mwayen pou l okipe tèt li ak pitit fi l la. Men, malgre tout efò l te fè, li pa t ka jwenn travay.

 Sowbhagya di: “Mwen te santi m sanzespwa, se sa k fè m te deside touye tèt mwen. Men kòm mwen te konnen si m mouri, pitit fi m nan t ap gen anpil pwoblèm, mwen te deside touye nou toude.” Kòm Sowbhagya te santi l pa t gen valè e pèsonn pa t renmen l, li te achte pwazon.

 Pandan Sowbhagya t ap tounen lakay li nan tren, gen yon Temwen Jewova ki rele Elizabeth ki pwoche kote l e ki kòmanse pale avè l. Sowbhagya te fè Elizabeth konnen li pap travay e avèk bonte, Elizabeth te di l l ap ede l jwenn yon travay. Elizabeth te di l tou se nan wout li ye pou l al fè yon etid Labib. Sa te fè Sowbhagya sezi paske li t al nan anpil legliz, men li pa t janm tande moun ap etidye Labib. Elizabeth te envite Sowbhagya vin lakay li pou l ka aprann plis sou etid Labib la.

 Lè Sowbhagya rive lakay li, li te toujou deside touye tèt li. Men, kòm gen yon fanmi ki te pran Meghana pou kèk jou, Sowbhagya te deside ret tann pitit li a tounen pou l ka fè sa l te te vle fè a.

 Pandan tan sa a, li t al lakay Elizabeth, e l te jwenn yon bèl akèy. Pandan vizit la, Elizabeth te montre l liv Ki sa Bib la anseye toutbonvre? a. Sowbhagya te enterese nan chapit “Ki kote mò yo ye?” Sa te enterese l paske mari l pa t gen lontan depi l mouri. Menm jou a, Sowbhagya te aksepte etidye Labib.

 Elizabeth te envite l nan kongrè ki t ap fèt wikenn apre a e l te dakò ale. Pwogram nan te tèlman ankouraje l, sa te fè l vle vin Temwen Jewova. E pandan l nan wout pou l tounen lakay li apre kongrè a, yo te ofri l yon travay.

 Sowbhagya te kontinye etidye Labib. Apati moman sa a, li pa t vle touye tèt li ankò paske li gen yon rezon pou l viv. Li te batize e annapre, Meghana, pitit fi l la, te batize tou. Jodi a, toude se pyonye pèmanan e Meghana ap travay kòm volontè a distans pou youn nan biwo tradiksyon ann End yo.

Sowbhagya ak Meghana jounen jodi a

 Se pa ti kontan Sowbhagya ak Meghana kontan paske Elizabeth te pale ak Sowbhagya nan tren an, li te enterese nan li sensèman e l te pale l de laverite! kYo gen Jewova anpil rekonesans tou. Meghana di: “Si nou pa t aprann laverite jou sa a, lè konsa, nou t ap anba tè lontan. Men kounye a, nou kontan anpil. Mwen menm ak manman m pa ka tann moman nou pral kapab sere papa m nan bra nou ankò, pou n aprann li konn Jewova e pou n di l ki jan Jewova te sove lavi nou.”