Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo se yon sèk?

Èske Temwen Jewova yo se yon sèk?

 Non, Temwen Jewova pa yon sèk. Nou se kretyen k ap fè tout efò nou pou nou suiv egzanp Jezi kite e pou n viv ann amoni ak ansèyman l yo.

Ki sa yon sèk ye?

 Mo “sèk” la pa vle di menm bagay la pou tout moun. Nou pral egzamine de fason pifò moun yo konprann mo sèk la e ki sa k fè ide sa yo pa ann amoni ak sa nou ye vre.

  •   Gen moun ki panse yon sèk se yon nouvo relijyon oubyen yon relijyon k ap suiv fo doktrin. Temwen Jewova yo pa envante yon nouvo relijyon. Okontrè, nou pratike menm relijyon ak premye kretyen yo. E se nan Bib la nou jwenn egzanp yo te kite ak ansèyman yo te bay (2 Timote 3:16, 17). Nou kwè se Bib la ki dwe di nou ki doktrin ki bon e ki fason nou dwe adore Bondye.

  •   Gen moun ki panse yon sèk se yon relijyon ki reprezante yon danje pou moun e ki gen yon moun kòm chèf alatèt li. Pa gen okenn moun sou tè a ki alatèt Temwen Jewova yo. Olye de sa, nou suiv prensip Jezi te kite pou disip li yo. Men sa l te di: “Nou gen yon sèl chèf, se Kris la.” — Matye 23:10, Bib la.

 Temwen Jewova yo pa gen anyen pou wè ak yon relijyon ki reprezante yon danje pou moun. Okontrè, relijyon y ap pratike a pote byenfè pou yo e pou moun k ap viv nan kominote a. Pa egzanp, travay predikasyon nou an ede moun kite move abitid yo genyen, tankou pran dwòg epi fè eksè nan bwè alkòl. Anplis de sa, nou òganize lekòl sou tout tè a pou n ede moun yo aprann li ak ekri. E lè gen katastwòf natirèl nou bay tout nou menm pou n ede lòt moun. Nou fè anpil efò pou nou gen bon enfliyans sou lòt moun, jan Jezi te mande disip li yo pou yo fè sa. — Matye 5:13-16.