Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo kwè se yo menm sèl k ap sove?

Èske Temwen Jewova yo kwè se yo menm sèl k ap sove?

 Non. Gen plizyè milyon moun ki te viv nan syèk pase yo ki pa t Temwen Jewova ki gen posiblite pou yo sove. Bib la esplike nan monn nouvo Bondye pwomèt la, “pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis.” (Travay 24:15). Mete sou sa, anpil moun ki vivan jodi a kapab kòmanse sèvi Bondye e yo menm tou y ap sove. Kèlkeswa sitiyasyon an, se pa wòl pa nou pou nou di ki moun k ap sove e ki moun ki pap sove. Se sèl Jezi ki gen responsablite sa a. — Jan 5:22, 27.