Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bonjan espwa pou lavni

Bonjan espwa pou lavni

 Èske w panse bagay yo ap vin pi bon alavni? Menm lè n ap fè fas avèk gwo pwoblèm jodi a, anpil moun chèche rete pozitif. Men, èske n vrèman gen rezon pou n panse bagay yo ap vin pi bon? Wi! Bib la ban nou bonjan espwa pou lavni.

 Ki espwa Bib la bay?

 Bib la fè konnen lèzòm t ap gen pou yo fè fas ak gwo pwoblèm. Men, Bib la di pwoblèm sa yo pa t ap dire pou toutan. Ann egzamine kèk nan pwoblèm sa yo:

  •   Pwoblèm: Moun ki pa gen kote pou yo rete

     Men sa Bib la di: “Y ap bati kay e y ap abite ladan yo.” — Ezayi 65:21.

     Sa sa vle di pou lavni: Chak moun ap gen pwòp kay yo.

  •   Pwoblèm: Pa gen travay e gen povrete

     Men sa Bib la di: “Moun mwen chwazi yo ap byen jwi travay yo fè ak men yo.” — Ezayi 65:22.

     Sa sa vle di pou lavni: Tout moun ap gen yon travay ki bay kè kontan ak satisfaksyon.

  •   Pwoblèm: Enjistis

     Men sa Bib la di: “Gen prens ki pral dirije yon fason ki dwat.” — Ezayi 32:1.

     Sa sa vle di pou lavni: Pap gen patipri. Tout moun ap egal kèlkeswa ras yo, sitiyasyon ekonomik yo oswa ran sosyal yo.

  •   Pwoblèm: Malnitrisyon ak rate manje

     Men sa Bib la di: “Tè a gen pou l chaje ak manje angren, tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.” — Sòm 72:16.

     Sa sa vle di pou lavni: Tout moun ap gen bonjan manje an kantite. Pa gen moun k ap grangou oswa k ap soufri akoz yo pa jwenn manje ki bon pou sante yo.

  •   Pwoblèm: Krim ak vyolans

     Men sa Bib la di: “Chak moun ap chita anba pye rezen yo ak pye fig frans yo, e pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè.” — Miche 4:4.

     Sa sa vle di pou lavni: Tout moun ap santi yo an sekirite paske mechan yo pap la ankò, epitou “moun ki jis yo gen pou yo posede tè a”. — Sòm 37:10, 29.

  •   Pwoblèm: Lagè

     Men sa Bib la di: “Nasyon yo pap pran epe pou yo atake youn lòt ankò, e yo pap aprann fè lagè ankò.” — Ezayi 2:4.

     Sa sa vle di pou lavni: Ap gen lapè toupatou sou tè a (Sòm 72:7). Pa gen moun k ap nan lapenn akoz moun pa yo ki mouri nan lagè e pap gen moun k ap chèche refij akoz lagè.

  •   Pwoblèm: Maladi

     Men sa Bib la di: “Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’” — Ezayi 33:24.

     Sa sa vle di pou lavni: Pap gen moun k ap soufri akoz yon andikap oswa akoz maladi (Ezayi 35:5, 6). Bib la menm fè konnen “pap gen lanmò ankò”. — Revelasyon 21:4.

  •   Pwoblèm: Lèzòm ap detwi tè a

     Men sa Bib la di: “Dezè a ak tè ki sèch la ap kontan anpil, e plèn ki nan dezè a ap kontan, l ap gen anpil flè tankou pye safran.” — Ezayi 35:1.

     Sa sa vle di pou lavni: Tout tè a ap vin yon bèl paradi pou lèzòm viv, jan Bondye te prevwa a depi okòmansman. — Jenèz 2:15; Ezayi 45:18.

 Èske espwa Bib la bay la twò bèl pou l ta yon reyalite?

 Nou konprann si se konsa w ta santi w. Men, nou ankouraje w pi byen egzamine sa Labib di anrapò ak lavni. Poukisa? Paske pwomès nou jwenn nan Bib la diferan ak pwomès moun fè e ak sa yo panse ki pral rive alavni. Pwomès nou jwenn nan Bib la se Bondye ki fè yo. Ann wè kèk rezon ki fè sa se yon gwo diferans:

  •   Nou kapab fè Bondye konfyans. Bib la fè konnen Bondye “pa ka bay manti”. (Tit 1:2.) Epitou, se sèlman Bondye ki gen kapasite pou l anonse bagay ki poko rive yo (Ezayi 46:10). Gen anpil prèv nan Bib la ki montre sa Bondye di k ap rive yo toujou reyalize. Pou plis enfòmasyon, gade videyo Ki jan nou ka sèten sa ki nan Bib la se laverite?

  •   Bondye gen pouvwa pou l rezoud pwoblèm nou yo. Bib la fè konnen Bondye gen pouvwa pou l “fè sa l vle”. (Sòm 135:5, 6.) Sa vle di, pa gen anyen ki ka anpeche Bondye reyalize pwomès li yo. Epitou, Bondye vle ede n paske li renmen nou. — Jan 3:16.

 Nòmalman, ou ka ap mande tèt ou: ‘Si Bondye vle ede n e l gen pouvwa pou l fè sa, sa k fè n toujou gen tout pwoblèm sa yo?’ Pou w jwenn repons kesyon sa a, gade videyo Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

 Ki jan pwomès sa yo pral reyalize?

 Bondye pral sèvi ak Wayòm li an, yon gouvènman ki nan syèl la, pou l reyalize pwomès li yo. Se Jezi Kris li mete kòm Wa nan Wayòm sa a, e Bondye ba l otorite pou l pran swen tè a ak moun k ap viv sou li. Lè Jezi te sou tè a, li te geri moun ki malad, li te bay moun ki grangou manje, li te gen kontwòl sou fòs lanati yo e li te menm resisite moun mouri (Mak 4:39; 6:41-44; Lik 4:40; Jan 11:43, 44). Donk, li te montre sa l pral fè antanke Wa nan Wayòm Bondye a.

 Pou w aprann plis sou byenfè ou ka jwenn grasa Wayòm Bondye a, gade videyo Ki sa Wayòm Bondye a ye?

 Ki lè pwomès sa yo ap reyalize?

 Talè konsa! Ki jan n fè konn sa? Bib la te anonse kèk evènman pou montre lè Wayòm Bondye a t apral kòmanse dirije tè a (Lik 21:10, 11). Nou wè evènman sa yo jodi a.

 Pou w aprann plis toujou, gade atik “Ki lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a?

 Ki jan espwa Bib la bay kapab ede nou jodi a?

 Youn nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la te konpare espwa nou jwenn nan Labib ak “yon lank batiman pou nanm nou”. (Ebre 6:19.) Menm jan yon lank batiman ede yon bato ret kanpe lè gen tanpèt, se konsa tou Bib la ede n andire anba pwoblèm nou rankontre nan sistèm sa a jodi a. Esperans nou an kapab ede n rete kalm, li kapab ede n wè pi klè e li ka menm ede n nan domèn fizik. — 1 Tesalonisyen 5:8.