1 Tesalonisyen 5​:​1-28

  • Jou Jewova a ap vini (1-5)

    • “Lapè!

  • Rete je klè e rete nan bonsans nou (6-11)

  • Konsèy (12-24)

  • Salitasyon nan fen lèt la (25-28)

5  Kounye a frè nou yo, kanta pou tan ak epòk bagay sa yo gen pou rive, nou pa bezwen yo ekri nou anyen sou sa.  Paske nou menm, nou konn sa byen: jou Jewova* a+ ap vini egzakteman tankou yon vòlè ki vin vòlè lannuit+.  Lè yo va di: “Lapè! Sekirite!”, lè sa a, yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann, nan menm moman an+, menm jan doulè tranche pran yon fi ansent, e pap gen mwayen pou yo chape.  Men nou menm, frè nou yo, nou pa nan fènwa, pou jou sa a ta vin sou nou sanzatann tankou lè jou bare vòlè,  paske nou tout nou se pitit limyè e nou se pitit lajounen+. Nou pa moun ni lannuit ni fènwa+.  Se poutèt sa, ann pa kite dòmi pran nou menm jan ak lòt moun yo+, men annou rete je klè+ e annou rete nan bonsans nou+.  Paske, moun k ap dòmi, se lannuit yo dòmi, e moun k ap bwè pou yo sou, se lannuit yo bwè+.  Men, kanta pou nou ki moun lajounen, annou rete nan bonsans nou, e annou mete lafwa ak lanmou sou nou kòm pwotèj pwatrin, e kòm kas+, annou mete esperans delivrans lan.  Paske, Bondye pa t chwazi nou pou nou sibi kòlè l, men li te chwazi nou pou nou jwenn delivrans+ grasa Jezi Kris, Seyè nou an. 10  Se li ki te mouri pou nou+, dekwa pou nou ka viv ansanm avèk li, kit je nou klè, kit n ap dòmi*+. 11  Kidonk, se pou youn kontinye ankouraje* lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt+, menm jan nou deja ap fè sa. 12  Kounye a, frè nou yo, nou mande nou pou nou montre respè pou moun k ap travay di pami nou, moun k ap dirije nou nan Seyè a e k ap ban nou avètisman. 13  Se pou nou renmen yo anpil e se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo pou travay y ap fè a+. Se pou nou anpè youn ak lòt+. 14  Yon lòt bò, men ki ankourajman n ap ban nou, frè nou yo: avèti moun ki endisipline yo+, pale yon fason pou nou konsole moun ki tris yo*, soutni moun ki fèb yo, pran pasyans ak tout moun+. 15  Veye pou pèsonn pa rann mal pou mal+, men toujou chèche fè sa ki bon youn pou lòt e pou tout moun+. 16  Se pou nou toujou ap rejwi+. 17  Priye toutan+. 18  Di mèsi pou tout bagay+. Se sa Bondye vle nou fè, nou menm k ap suiv Kris Jezi. 19  Pa etenn dife lespri a+. 20  Pa meprize pwofesi yo+. 21  Verifye tout bagay+, sa ki bon an, kenbe l fèm. 22  Evite tout kalite mechanste+. 23  Mwen swete pou Bondye lapè a li menm fè nou vin sen nèt. Frè nou yo, mwen swete pou lespri nou, nanm* nou ak kò nou, ki san defo nan tout domèn, rete san repwòch pandan prezans Jezi Kris, Seyè nou an+. 24  Sila a ki rele nou an fidèl, e se sèten l ap fè sa. 25  Frè nou yo, kontinye priye pou nou+. 26  Salye tout frè yo ak yon bo ki demontre lanmou. 27  M ap ban nou responsablite nan non Seyè a pou nou fè li lèt sa a pou tout frè yo+. 28  Mwen swete pou favè san parèy Jezi Kris, Seyè nou an, ansanm avèk nou.

Nòt anba paj

Oswa: “n ap dòmi nan lanmò”.
Oswa: “kontinye konsole”.
Oswa: “moun ki dekouraje yo”. Lit.: “moun ki gen ti nanm yo”.
Oswa: “lavi”. Gade Lis mo yo esplike yo.