Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kiyès ki pral sove tè a?

Kiyès ki pral sove tè a?

 Anpil moun enkyete yo poutèt tout dega yo panse lèzòm ap fè sou tè a ak sou kreyati k ap viv sou li. Anpil espè nan domèn anviwònman fè konnen fason lèzòm ap mal aji kounye a met lavi plizyè espès bèt an danje, sa ki ka menm fè espès sa yo sispann egziste.

 Èske lèzòm ap detwi tè a? Oubyen, èske lèzòm ap janm rive viv yon fason pou yo pa fè dega nan anviwònman an?

Èske efò lèzòm ap fè yo ap pote rezilta?

 Anpil espè kwè lèzòm kapab pwoteje tè a e yo kapab viv yon fason pou yo pa fè dega nan anviwònman an. Gen moun k ap fè rechèch ki fè konnen pou efò lèzòm yo pote rezilta, yo dwe fè chanjman nan plizyè domèn anmenmtan. Chanjman sa yo ta dwe gen ladan yo:

  •   Amelyore fason moun yo pran swen tè a, forè yo, marekaj yo ak lanmè yo.

  •   Itilize lòt sous enèj ak lòt mwayen pou yo travay latè.

  •   Chanje fason moun pwodui manje ak fason yo pèmèt moun jwenn manje yo. Chèche manje plis legim e manje mwens vyann ak pwason, konsa moun ap manje mwens e ap gen mwens gaspiyaj.

  •   Konprann se pa lè yon moun gen anpil byen materyèl k ap fè l viv pi byen.

 Ki sa w panse? Èske l vrèman posib pou gouvènman yo, konpayi yo ak lòt moun travay ansanm yon fason yo pa t janm fè anvan sa? Oubyen èske w panse lefètke lèzòm renmen tout pou yo, yo egoyis e yo pa reflechi sou lavni sa ap anpeche yo travay nan tèt ansanm? — 2 Timote 3:1-5.

Yon rezon pou n gen espwa

 Bib la ban nou bonjan espwa pou tè a. Li esplike rezon ki fè efò lèzòm yo pa ase pou sove tè a e li di ki chanjman k ap bezwen fèt toutbon. Epitou, li esplike fason chanjman sa yo pral fèt.

 Rezon ki fè efò lèzòm ap fè yo pa ka sove tè a. Jewova a te kreye tè a e li te bay lèzòm responsablite pou yo pran swen l (Jenèz 1:28; 2:15). Sèl fason pou lèzòm te reyisi nan travay sa a se si yo te konte sou Kreyatè yo a e si yo te obeyi enstriksyon l te ba yo (Pwovèb 20:24). Olye yo te fè sa, yo te vire do bay Jewova e yo te deside dirije lavi yo poukont yo (Eklezyas 7:29). Lèzòm pa gen kapasite pou yo pran swen tè a poukont yo e tout efò yo fè yo pa pote gwo chanjman. — Pwovèb 21:30; Jeremi 10:23.

 Chanjman ki dwe fèt yo. Bondye gen objektif pou l fè lèzòm sispann detwi tè a (Revelasyon 11:18). Li pap jis fè chanjman nan gouvènman yo ak moun k ap detwi planèt la, se ranplase l ap ranplase yo (Revelasyon 21:1). Se pou rezon sa a Jewova deklare: “Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.” — Revelasyon 21:5.

 Fason chanjman yo pral fèt. Jewova pral fè yon gouvènman ki nan syèl la, anpalan de Wayòm Bondye a, ranplase gouvènman lèzòm yo. Se Jezi Kris ki alatèt gouvènman sa a e gouvènman an pral dirije tè a. — Dànyèl 2:44; Matye 6:10.

 Wayòm Bondye a pral aprann lèzòm viv selon prensip Bondye yo ki jis. Lè lèzòm aksepte pou Kreyatè yo a dirije yo, lè sa a y ap kapab viv ann amoni ak lanati (Ezayi 11:9). Bib la esplike fason gouvènman Bondye a pral ede sitwayen l yo viv alèz, yon fason k ap bon pou planèt la tou. Men sa li pral fè:

 Nou ka gen konfyans, talè konsa, Wayòm Bondye a pral pote chanjman sa yo. Pou plis enfòmasyon, li atik ki gen tit: “Ki lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a?

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.