Jenèz 1​:​1-31

  • Bondye kreye syèl la ak tè a (1, 2)

  • Bondye prepare tè a pandan sis jou (3-31)

    • Premye jou: limyè; Lajounen ak Lannuit (3-5)

    • Dezyèm jou: espas (6-8)

    • Twazyèm jou: pati tè ki sèk la ak plant (9-13)

    • Katriyèm jou: limyè parèt nan syèl la (14-19)

    • Senkyèm jou: pwason ak zwazo (20-23)

    • Sizyèm jou: bèt ki viv sou tè ak moun (24-31)

1  Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a+.  Lè sa a, tè a te vid, li te san fòm, epi fènwa te kouvri dlo+ ki te sou tout kò tè a, e fòs Bondye ki t ap aji*+ t ap fè mouvman sou dlo yo+.  Epi, Bondye di: “Se pou limyè parèt.” Lè sa a, limyè parèt+.  Apre sa, Bondye te wè limyè a bon e li te deside lè pou gen limyè ak lè pou gen fènwa.  Bondye te rele limyè a Lajounen, men li te rele fènwa a Lannuit+. Konsa, te vin gen yon aswè e te vin gen yon maten, se te premye jou a.  Annapre, Bondye di: “Se pou gen yon espas+ ant dlo yo e se pou gen yon separasyon ant dlo ak dlo*+.”  Epi, Bondye te vin met espas la e li te separe dlo ki te anba espas la ak dlo ki te anlè l yo+. E se sa k te fèt.  Bondye te rele espas la Syèl. Konsa, te vin gen yon aswè e te vin gen yon maten, se te dezyèm jou a.  Apre sa, Bondye di: “Se pou dlo ki anba syèl la rasanble yon sèl kote e se pou tè sèk parèt+.” E se sa k te fèt. 10  Bondye te rele pati ki sèk la Tè+, men li te rele dlo ki te rasanble yo Lanmè+. Epi, Bondye te wè yo bon+. 11  Apre sa, Bondye di: “Se pou zèb pouse sou tè a ansanm ak plant ki fè grenn ak pyebwa ki bay fwi selon gwoup yo ye a pou yo bay fwi ki gen grenn ladan yo.” E se sa k te fèt. 12  Konsa, zèb te kòmanse pouse sou tè a, plant ki fè grenn ak pyebwa ki bay fwi ki gen grenn+ te pouse tou, selon gwoup yo ye a. E Bondye te wè yo bon. 13  Konsa, te vin gen yon aswè e te vin gen yon maten, se te twazyèm jou a. 14  Annapre, Bondye di: “Se pou limyè+ parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannuit+, e y ap sèvi kòm siy ni pou sezon, ni pou jou, ni pou ane+. 15  Se yo ki pral limyè nan syèl la pou klere tè a.” E se sa k te fèt. 16  Epi, Bondye te vin fè de gwo limyè yo. Pi gwo limyè a pou klere lajounen+, pi piti a pou klere lannuit, e li te fè zetwal+ yo tou. 17  Bondye te mete yo nan syèl la pou klere tè a, 18  pou yo klere ni lajounen, ni lannuit, pou gen yon lè pou limyè ak yon lè pou fènwa+. E Bondye te wè yo bon. 19  Konsa, te vin gen yon aswè e te vin gen yon maten, se te katriyèm jou a. 20  Ansuit, Bondye di: “Se pou dlo yo chaje ak bèt* vivan e se pou bèt ki sou tè a ki ka vole yo vole anlè nan syèl+ la.” 21  E Bondye te kreye gwo bèt ki nan lanmè yo ak tout bèt* vivan k ap fè mouvman e ki anpil nan dlo yo, selon gwoup yo ye a, ak tout kalite bèt ki gen zèl e ki ka vole, selon gwoup yo ye a. E Bondye te wè yo bon. 22  Konsa, Bondye te beni yo e li te di: “Fè pitit, fè anpil pitit pou n plen lanmè a+, e se pou bèt ki ka vole yo vin anpil sou tè a.” 23  Konsa, te vin gen yon aswè e te vin gen yon maten, se te senkyèm jou a. 24  Apre sa, Bondye di: “Se pou tè a vin gen bèt* vivan sou li, selon gwoup yo ye a, bèt ki viv bò kote moun, bèt ki rale sou vant ak bèt nan bwa ki sou tè a, selon gwoup yo ye a+.” E se sa k te fèt. 25  E Bondye te kontinye fè bèt nan bwa ki sou tè a, selon gwoup yo ye a, bèt ki viv bò kote moun, selon gwoup yo ye a, ak tout kalite bèt k ap rale sou vant sou tè a, selon gwoup yo ye a. E Bondye te wè yo bon. 26  Annapre, Bondye di: “Annou+ fè lòm pòtre ak nou+, pou l ka sanble ak nou+. Se pou l gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou bèt k ap vole nan syèl la, sou bèt ki viv bò kote moun sou tout tè a e sou tout zannimo k ap rale sou vant e k ap deplase sou tè a+.” 27  E Bondye te vin kreye lòm pòtre ak li, e se pòtre ak li li te kreye l. Li te kreye gason ak fi+. 28  Epitou, Bondye te beni yo e li te di yo: “Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun+, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a+. Se pou nou gen pouvwa+ sou pwason ki nan lanmè a, sou bèt k ap vole nan syèl la e sou tout lòt bèt k ap fè mouvman sou tè a.” 29  Epi, Bondye di: “Mwen ban nou tout plant ki bay grenn ki gen sou tout tè a ak tout pyebwa ki bay fwi ki gen grenn. Nou mèt manje yo+. 30  E kanta tout bèt nan bwa ki sou tè a, tout bèt k ap vole nan syèl la ak tout sa k ap fè mouvman sou tè a e ki gen lavi nan yo*, mwen ba yo tout plant vèt pou yo manje+.” E se sa k te fèt. 31  Apre sa, Bondye gade tout sa l fè yo e li wè yo bon anpil+. Konsa, te vin gen yon aswè e te vin gen yon maten, se te sizyèm jou a.

Nòt anba paj

Oswa: “e lespri Bondye”.
Sa vle di dlo ki anlè yo ak dlo ki anba yo.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “ki gen lavi antanke nanm nan yo; ki se nanm vivan”.