Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT SÈT

Yon espwa reyèl pou moun pa nou yo ki mouri

Yon espwa reyèl pou moun pa nou yo ki mouri
  • Ki jan nou fè konnen rezirèksyon an ap fèt toutbon?

  • Ki santiman Jewova anrapò ak kesyon resisite mò yo?

  • Kiyès k ap resisite?

1-3. Ki ènmi k ap pousuiv nou tout, e poukisa lè nou reflechi sou ansèyman ki nan Bib la, sa pote soulajman pou nou?

IMAJINE w ap kouri pou yon ènmi ki mechan anpil. Li gen plis fòs pase w lontan, e li kouri pi vit pase w. Ou konnen li san pitye, paske w gentan wè li touye kèk nan zanmi w yo. Kèlkeswa efò w fè pou w ba l yon distans, li kontinye ap pwoche pi pre w. W a di pa gen espwa. Epoutan, bridsoukou, yon moun parèt bò kote w pou l vin pote w sekou. Sovè sa a gen plis fòs lontan pase ènmi w lan e li pwomèt l ap ede w. Sa vrèman fè w santi w soulaje!

2 Nan yon sèten sans, gen yon ènmi konsa k ap pousuiv ou. Ènmi sa a ap pousuiv nou tout. Jan nou te aprann sa nan chapit anvan an, Bib la rele lanmò yon ènmi. Nanpwen youn nan nou ki ka evite l oswa ki ka batay avè l. Pifò nan nou gentan wè ènmi sa a ki retire lavi moun ki chè pou nou. Men, Jewova gen plis pisans lontan pase lanmò. Se Li menm ki Sovè a, yon Sovè ki gen lanmou, e ki deja demontre li kapab venk ènmi sa a. Epitou, li pwomèt l ap detwi lanmò nèt pou toutan. Bib la fè konnen: “Antanke dènye ènmi, lanmò ap aneyanti.” ​(1 Korentyen 15:26). Ala yon bon nouvèl sa ye!

3 Annou fè yon ti reflechi sou jan nou santi nou lè lanmò, ènmi sa a, frape moun nou konnen. Etan n ap fè sa, sa pral ede nou konprann yon bagay k ap fè kè nou kontan. Anfèt, Jewova fè pwomès mò yo gen pou yo reviv (Izayi 26:19). Y ap fè yo retounen viv ankò. Se espwa sa a rezirèksyon an bay.

LÈ YON MOUN PA NOU MOURI

4. a) Poukisa nou ka wè santiman Jewova nan fason Jezi te reyaji devan lanmò yon moun li te renmen? b) Ki amitye espesyal Jezi te devlope?

4 Èske w gen yon moun pa w ki mouri? Doulè, tristès ak santiman kòmkwa ou pa ka fè anyen ka parèt twòp pou w sipòte. Nan moman sa yo, nou bezwen ale nan Pawòl Bondye a pou nou jwenn rekonfò (2 Korentyen 1:3, 4). Bib la ede nou konprann fason Jewova ak Jezi santi yo devan lanmò. Jezi, ki te reflete Papa li yon fason pafè, te konnen doulè yon moun santi lè l pèdi yon moun pa l (Jan 14:9). Detan Jezi Jerizalèm, li te konn al vizite Laza ak sè l yo, Mari ak Mat, ki te abite Betani, yon vil ki toupre. Yo te vin tounen bon zanmi. Bib la di: “Jezi te renmen Mat ak sè l la ak Laza.” ​(Jan 11:5). Men, jan nou te aprann sa nan chapit anvan an, Laza te vin mouri.

5, 6. a) Ki jan Jezi te reyaji lè l te avèk fanmi Laza ak zanmi Laza ki te nan lapenn? b) Poukisa tristès Jezi a se yon ankourajman pou nou?

5 Ki jan Jezi te santi l lè zanmi l lan te mouri? Selon sa ki rapòte, Jezi al kot paran Laza ak zanmi Laza ki te tris anpil akoz pèt sa a yo te sibi a. Lè Jezi wè yo, emosyon anvayi l. Li “jemi nan lespri l e li vin boulvèse”. Apre sa, selon sa ki rapòte, “dlo te koule nan je Jezi”. (Jan 11:33, 35.) Èske tristès Jezi a te vle di pa t gen okenn espwa? Pa ditou. Anfèt, Jezi te konnen gen yon bagay estrawòdinè ki t apral fèt (Jan 11:3, 4). Malgre sa, li te santi doulè ak lapenn lanmò pote.

6 Nan yon sans, tristès Jezi a se yon ankourajman pou nou. Li fè nou konnen Jezi ak Papa l, Jewova, rayi lanmò. Men, Jewova Dye kapab lite kont ènmi sa a, e li kapab venk li! Annou gade ki sa Bondye te pèmèt Jezi fè.

“LAZA, SOTI DEYÒ!”

7, 8. Poukisa ka Laza a te ka sanble sanzespwa pou moun ki t ap gade yo, men, ki sa Jezi te fè?

7 Yo te antere Laza nan yon kav, e Jezi te mande pou yo retire wòch ki te bare bouch kav la. Mat te dekonseye sa paske yo antere Laza depi kat jou, e kò l dwe te kòmanse dekonpoze (Jan 11:39). Lè nou konsidere sitiyasyon an antanke imen, ki espwa posib ki te genyen?

Rezirèksyon Laza te bay gwo kè kontan. — Jan 11:38-44

8 Yo woule wòch la, e Jezi rele byen fò: “Laza, soti deyò!” Ki sa k rive? Ebyen, “mesye ki te mouri a soti deyò”. (Jan 11:43, 44.) Èske w ka imajine lajwa moun ki la yo te santi? Kit Laza se te frè yo, paran yo, zanmi yo oswa vwazen yo, yo konnen l te mouri. Epoutan, li la devan yo, menm moun yo te renmen an. Li kanpe nan mitan yo ankò. Nou mèt sèten, bagay sa a te sanble yon bagay ki enposib. Sandout, anpil moun te bay Laza akolad ak kè kontan. Ala yon viktwa sa te ye sou lanmò!

Eli te resisite pitit gason yon vèv. —1 Wa 17:17-24

9, 10. a) Ki jan Jezi te revele Sous pouvwa ki te pèmèt li resisite Laza a? b) Bay kèk byenfè nou jwenn lè nou li istwa rezirèksyon ki parèt nan Bib la.

9 Jezi pa t pretann li te fè kokenn mirak sa a ak gwo kouraj pa l. Nan yon priyè li te fè jis anvan li rele Laza pou l soti deyò, li te fè parèt aklè se Jewova ki Sous rezirèksyon an (Jan 11:41, 42). Se pa t sèl nan moman sa a Jewova te sèvi ak pouvwa li nan fason sa a. Rezirèksyon Laza a se sèlman youn nan nèf mirak rezirèksyon yo rapòte nan Pawòl Bondye a *. Se yon plezi pou nou li istwa sa yo e pou nou etidye yo. Yo fè nou konnen Bondye pa gen patipri, paske pami moun ki resisite yo, gen jèn kou granmoun, gason kou fi, Izrayelit kou moun ki pa Izrayelit. Epitou, se pa ti kè kontan ki parèt nan pasaj sa yo! Pa egzanp, lè Jezi te resisite yon jèn tifi sot nan lanmò, paran l yo te tèlman kontan, yo te “santi yo pa t posede yo ankò, tèlman yo te etone”. (Mak 5:42.) Vrèmanvre, Jewova te ba yo yon gwo rezon pou yo gen kè kontan, e yo pa t ap janm bliye sa.

Apot Pyè te resisite yon kretyèn ki rele Dòkas. — Travay 9:36-42.

10 Natirèlman, moun Jezi te resisite yo, finalman, yo te mouri ankò. Èske sa vle di rezirèksyon yo a pa t gen okenn sans? Pa ditou. Istwa sa yo ki nan Bib la vin kore yon seri verite ki enpòtan, e yo ban nou espwa.

SA NOU APRANN NAN ISTWA REZIRÈKSYON YO

11. Ki jan istwa ki pale de rezirèksyon Laza a ede nou verifye verite ki rapòte nan Eklezyas 9:5 lan?

11 Bib la fè konnen mò yo “pa konn anyen ditou”. Yo pa vivan e yo pa konsyan yo egziste okenn kote. Istwa Laza a apiye sa. Lè Laza te retounen viv ankò, èske l te bay yon deskripsyon enteresan sou ki jan syèl la ye? Oswa èske l te rakonte moun yo yon seri istwa tèrib ki te fè yo pè anpil konsènan dife lanfè? Non. Bib la pa rapòte okenn pawòl konsa Laza ta di. Pandan kat jou li te mouri yo, li ‘pa t konn anyen ditou’. (Eklezyas 9:5.) Laza te senpleman ap dòmi nan lanmò. — Jan 11:11.

12. Poukisa nou mèt sèten rezirèksyon Laza a te fèt toutbon?

12 Istwa Laza a fè nou konnen tou rezirèksyon an se yon reyalite, se pa yon senp lejann. Jezi te resisite Laza devan je yon foul temwen. Menm chèf relijye yo ki te rayi Jezi, yo pa t nye li te fè mirak sa a. Okontrè, yo te di: “Ki sa pou n fè, paske nonm sa a [Jezi] ap akonpli anpil siy?” ​(Jan 11:47). Anpil moun te deplase pou y al wè mesye sa a ki te resisite a. Kòm rezilta, plis moun toujou te vin gen lafwa nan Jezi. Yo te wè nan Laza yon prèv vivan ki montre se Bondye ki te voye Jezi. Prèv sa a te tèlman pisan, gen kèk pami chèf relijye yo, ki gen kè di, ki te fè plan pou yo touye ni Jezi, ni Laza. — Jan 11:53; 12:9-11.

13. Ki baz nou genyen ki pèmèt nou kwè Jewova gen kapasite toutbonvre pou l resisite mò yo?

13 Èske li pa reyalis pou nou aksepte rezirèksyon an kòm yon reyalite? Nou pa ka di l pa reyalis paske selon sa Jezi te anseye, yon jou ap rive kote “tout moun ki nan tonm souvni yo” pral resisite (Jan 5:28). Jewova se Kreyatè tout sa ki vivan. Èske sa ta dwe difisil pou yon moun kwè li kapab rekreye lavi ankò? Natirèlman, sa pral depann anpil de memwa Jewova. Èske l ap ka sonje moun pa nou yo ki mouri? Nou pa ka konte kantite etwal ki nan linivè, epoutan, Bondye ba yo chak non pa yo (Izayi 40:26)! Donk, Jewova Dye kapab sonje moun pa nou yo nan tout ti detay, e li pare pou l ba yo lavi ankò.

14, 15. Jan sa parèt nan deklarasyon Jòb te fè a, ki santiman Jewova anrapò ak kesyon fè moun ki mouri yo retounen viv ankò?

14 Men, ki santiman Jewova anrapò ak kesyon resisite mò yo? Bib la anseye nou li enpasyan pou l resisite mò yo. Jòb, yon mesye ki fidèl, te mande: “Si yon gason vanyan mouri, èske l ka reviv?” Jòb t ap pale konsènan tann li t apral tann nan tonm jiskaske lè a rive pou Bondye sonje l. Li te di Jewova: “W ap rele m, e mwen menm m ap reponn ou. W ap gen yon gwo anvi pou travay men w fè.” — Jòb 14:13-15.

15 Fè yon ti reflechi! Jewova gen yon gwo anvi pou l fè moun ki mouri yo retounen viv ankò. Èske sa pa touche nou pou nou aprann se santiman sa a Jewova genyen? Men, konsènan rezirèksyon sa a ki pral fèt alavni, kiyès k ap resisite, e ki kote?

“TOUT MOUN KI NAN TONM SOUVNI YO”

16. Nan ki kondisyon moun ki resisite yo pral viv?

16 Istwa rezirèksyon yo rapòte nan Bib la fè nou konnen anpil bagay konsènan rezirèksyon ki pral fèt alavni. Moun yo te rebay lavi isit sou tè a te vin reyini ansanm ak moun pa yo. Rezirèksyon pou demen an se pral menm jan an, men l ap pi bon toujou. Jan nou te aprann sa nan chapit 3 a, objektif Bondye se pou tout tè a tounen yon paradi. Konsa, mò yo pa pral jwenn lavi ankò nan yon monn ki plen ak lagè, krim ak maladi. Yo pral gen posiblite viv pou toutan sou tè a nan bon kondisyon e ak kè kontan.

17. Jis nan ki pwen rezirèksyon an pral fèt?

17 Kiyès k ap resisite? Jezi te fè konnen “tout moun ki nan tonm souvni yo pral tande vwa li , epi y ap soti”. (Jan 5:28, 29.) Menm jan an tou, Revelasyon 20:13 di: “Lanmè a te rann mò ki te ladan l yo, ni lanmò ni adès te rann mò ki te nan yo.” “Adès” deziyen tonm ki la pou moun ale (gade nan apendis la, nan paj 212-13). Tonm global sa a pral vide. Tout milya moun sa yo k ap repoze ladan l yo pral reviv ankò. Apot Pòl te di: “Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis.” ​(Travay 24:15). Ki sa sa vle di?

Nan Paradi a, mò yo pral resisite e yo pral reyini ansanm ak moun pa yo.

18. Kiyès ki fè pati “jis” ki gen pou resisite yo, e ki efè esperans sa a ka gen sou ou pèsonèlman?

18 “Jis” yo gen ladan yo anpil nan moun istwa yo parèt nan Bib la e ki te viv anvan Jezi te vin sou tè a. Ou kapab panse ak Noye, Abraram, Sara, Moyiz, Rit, Estè ak yon pakèt lòt moun ankò. Mesyedam sa yo te gen lafwa, e yo pale de kèk nan yo nan Ebre chapit 11. Men pami “jis” yo tou, nou jwenn sèvitè Jewova ki mouri nan epòk pa nou an. Grasa esperans rezirèksyon an, nou ka libere anba tout krent nou genyen pou nou ta mouri. — Ebre 2:15.

19. Kiyès ki “enjis” yo, e ki posiblite Jewova ba yo avèk amou?

19 Men, e tout moun ki pa t ap sèvi Jewova oswa ki pa t ap obeyi Jewova paske yo pa t janm tande pale de li? Plizyè milya “enjis” sa yo, yo pap bliye yo. Yo pral resisite yo e y ap ba yo tan pou yo aprann konnen vrè Dye a e pou yo sèvi l. Pandan yon peryòd mil an, yo pral resisite mò yo e yo pral ba yo posiblite pou yo vin sèvi Jewova ansanm ak moun fidèl ki sou tè a. Se pral yon moman mayifik. Se moman sa a Bib la rele Jou Jijman an *.

20. Ki sa jeyèn nan ye, e kiyès ki al ladan l?

20 Èske sa siyifi, kèlkeswa moun ki te pase sou tè a, l ap resisite? Non. Bib la di gen kèk moun pami mò yo, se nan “jeyèn” yo ye (Lik 12:5). Non jeyèn nan se menm non ak yon kote yo te konn jete fatra, e ki te pa deyò vil Jerizalèm tan lontan an. Yo te konn boule ladan l ni kò moun ki mouri ni fatra. Pou Juif yo, moun ki mouri, yo te konn lage kò yo nan jeyèn nan, pa t merite ni antèman, ni rezirèksyon. Kidonk, jeyèn nan te vin tounen yon senbòl ki byen tonbe pou deziyen destriksyon etènèl. Menmsi Jezi pral jwe yon wòl nan jije vivan yo ak mò yo, finalman, se Jewova ki dènye Jij la (Travay 10:42). Li pap janm resisite moun li jije ki mechan e ki pa deside chanje.

REZIRÈKSYON SELÈS LA

21, 22. a) Ki lòt kalite rezirèksyon ki genyen? b) Ki moun an premye ki te resevwa yon rezirèksyon pou lavi espirityèl?

21 Bib la fè referans tou ak yon lòt kalite rezirèksyon, yon rezirèksyon pou lavi nan syèl la antanke kreyati espirityèl. Sèl egzanp rezirèksyon nan sans sa a yo rapòte nan Bib la, se egzanp Jezi Kris.

22 Apre yo fin touye Jezi ki te yon òm, Jewova pa t pèmèt Pitit Gason l ki fidèl la rete nan tonm (Sòm 16:10; Travay 13:34, 35). Bondye te resisite Jezi, men li pa t resisite l kòm yon òm. Apot Pyè fè konnen “yo te touye [Kris] nan lachè, men yo [...] ba l lavi nan lespri”. (1 Pyè 3:18.) Vrèmanvre, se te yon gwo mirak. Jezi te vivan ankò antanke yon espri ki pisan (1 Korentyen 15:3-6)! Jezi se premye moun ki te resevwa kalite rezirèksyon glorye sa a (Jan 3:13). Men, se pa t dènye a.

23, 24. Kiyès ki fè pati “ti twoupo” Jezi a, e konbyen y ap ye?

23 Piske Jezi te konnen li t ap gen pou l retounen nan syèl la nan yon ti moman, li di disip fidèl li yo li pral “prepare yon plas” pou yo nan syèl la (Jan 14:2). Jezi te pale de moun ki pral nan syèl la kòm “ti twoupo” li (Lik 12:32). Konbyen moun k ap genyen nan ti gwoup kretyen fidèl sa yo? Nan Revelasyon 14:1, apot Jan di: “Mwen wè, epi gade! men Timouton an [Jezi Kris] ki kanpe sou mòn Siyon, e ansanm avè l gen san karannkat mil moun ki gen non l ak non Papa l ekri sou fwon yo.”

24 San karannkat mil kretyen sa yo, ki gen ladan yo apot fidèl Jezi yo, resisite pou y al viv nan syèl la. Ki lè rezirèksyon yo a fèt? Selon sa apot Pòl te ekri, rezirèksyon sa a t ap fèt diran prezans Kris la (1 Korentyen 15:23). Jan w pral aprann sa nan chapit 9 la, n ap viv kounye a nan moman sa a. Donk, ti rès pami 144 000 moun yo ki mouri nan epòk n ap viv la resisite imedyatman pou y al viv nan syèl la (1 Korentyen 15:51-55). Men, pifò moun gen espwa pou yo resisite pou yo viv nan Paradi sou tè a.

25. Ki sa nou pral egzamine nan chapit ki vin apre a?

25 Wi, Jewova pral venk lanmò, ènmi nou an, toutbonvre, e lanmò ap disparèt pou toutan (Izayi 25:8)! Men, petèt, w ap mande tèt ou: ‘Moun k ap resisite nan syèl la, ki sa yo pral fè la?’ Yo pral fè pati yon kokenn Wayòm selès. N ap aprann plis sou gouvènman sa a nan chapit ki vin apre a.

^ § 19 Pou plis enfòmasyon sou Jou Jijman an e sou ki baz jijman an ap fèt, tanpri, gade nan apendis la, nan paj 213-15.